3
Raple yo pou soumèt yo a tout wayòm ak otorite yo, pou yo rete obeyisan, eprè pou tout bon zèv pou pa di mal de pèsòn, men toujou pezib; janti, e montre tout konsiderasyon pou tout moun.
Paske nou menm tou, yon fwa nou te ensanse, dezobeyisan twonpè, esklav a tout kalite move dezi ak plezi, e nou t ap pase lavi nou nan mechanste, lanvi, rayisman, nan rayi youn lòt.
Men lè bonte a Bondye, Sovè nou an, ak lanmou Li pou tout limanite a te parèt, Li te sove nou, pa sou baz a zèv ladwati ke nou fè, men selon mizerikòd Li, pa lavaj a rejenerasyon an, e renouvèlman pa Lespri Sen an, ke Li te vide sou nou an abondans atravè Jésus Kri, Sovè nou an. Konsa nou te vin jistifye pa lagras Li, pou nou ta kapab vin eritye selon esperans a lavi etènèl la.
Sa se yon pawòl ki fidèl; epi konsènan bagay sa yo, mwen vle ou pale avèk konfyans, pou sila ki te kwè nan Bondye yo, kapab pridan pou angaje yo nan bon zèv. Bagay sa yo bon, e pwofitab pou moun.
Men evite konfli ak jeneyaloji ki ranpli ak foli, avèk diskisyon sou Lalwa yo, paske yo san pwofi, e san valè.
10 Apre yon premye ak yon dezyèm avètisman rejte yon nonm k ap mete divizyon. 11 Byen konnen ke yon moun konsa pèvèti. Li nan peche, e ap kondane pwòp tèt li.
12 Lè mwen voye Artémas oswa Tychique kote ou fè tout efò pou vini kote mwen nan Nicopolis, paske mwen deside pase sezon livè a la.
13 Byen vit, voye avoka a, Zénas ak Apollos nan wout yo pou yo pa manke anyen.
14 Moun pa nou yo dwe osi aprann angaje yo nan bon zèv pou satisfè bezwen imedya yo, pou yo pa manke bay fwi.
15 Tout sila ki avè m yo salye ou. Salye sila ki renmen nou nan lafwa yo. Ke lagras avèk nou tout.
3:1 Wo 13:1 3:1 II Tim 2:21 3:2 I Tim 3:3 3:3 Wo 11:30 3:3 II Tim 3:13 3:4 Wo 2:4 3:5 Ef 2:9 3:6 Wo 5:5 3:7 Mat 25:34 3:8 Tit 2:7,14 3:9 II Tim 2:16 3:9 I Tim 1:4 3:10 II Jn 10 3:10 Wo 16:17 3:11 Tit 1:14 3:12 II Tim 4:9 3:13 Trav 18:24 3:14 Tit 3:8 3:14 Mat 7:19 3:15 I Tim 1:2 3:15 Kol 4:18