PHILÉMON
1
Paul, yon prizonye Kris Jésus, ak Timothée, frè nou an: a Philémon, frè byeneme e ouvriye parèy nou an, ak Apphia, sè ou, a Archippe sòlda parèy a nou, e a legliz lakay ou a: Lagras pou ou, ak lapè Bondye, Papa nou, e Senyè a, Jésus Kri.
Mwen remèsye Bondye m nan toujou, e nonmen non ou nan lapriyè m yo paske mwen tande de lanmou ou, ak lafwa ke ou genyen anvè Senyè a, Jésus, e anvè tout sen yo. Anplis, mwen priye pou lamitye lafwa ou kapab vin efikas selon konesans a tout bon bagay ki nan ou pou koz a Kris la. Paske nou gen tan twouve anpil lajwa ak rekonfò nan lanmou ou, paske kè a fidèl yo vin rafrechi atravè ou menm, frè.
Konsa malgre ke mwen gen ase konfyans nan Kris pou bay ou lòd pou fè sa ki bon, malgre pou koz lanmou an, mwen pito sipliye ou—paske mwen se yon moun tankou Paul granmoun lan, e koulye a, osi yon prizonye a Kris Jésus. 10 Mwen sipliye ou, pou pitit mwen an, Onésime, ke mwen te vin fè pandan mwen te nan prizon an, 11 ke avan, te initil a ou menm, men koulye a, li itil ni pou ou, ni pou mwen.
12 Mwen voye li tounen kote ou an pèsòn. Sa vle di, se kè m menm ke m voye a. 13 Mwen te pito kenbe l avè m, pou l ta kapab, nan non ou, fè sèvis pou mwen, pandan mwen anprizone pou levanjil la.
14 Men san pèmisyon ou, mwen pa t vle fè anyen, pou bonte ou pa ta, anfèt “pa lafòs”, men m ta pito akoz bòn volonte pa ou. 15 Paske, li ka petèt separe de ou, eksprè pou rezon sa a, pou yon ti tan, pou ou ta kapab genyen l vin retounen nèt, 16 pa tankou yon esklav ankò, men plis ke yon esklav yon frè byeneme, sitou pou mwen menm, men plis ankò pou ou, nan lachè e nan Senyè a.
17 Si, konsa, ou gade mwen kòm yon ouvriye parèy ou, aksepte li kòm ou ta aksepte mwen. 18 Men si, nan nenpòt jan li te fè ou tò, oswa dwe ou yon bagay, mete sa sou kont mwen. 19  Mwen, Paul, mwen ap ekri sa avèk pwòp men mwen. Mwen va ranbouse ou li (annou pa menm pale ke ou menm dwe m menm pwòp tèt ou tou.)
20 Wi, frè m, kite m benefisye de ou nan Senyè a. Rafrechi kè m nan Kris la. 21  Avèk konfyans nan obeyisans ou, mwen ekri ou, paske m konnen ke ou va fè menm plis ke sa mwen di a.
22 An menm tan an tou, prepare pou mwen yon kote pou m rete, paske mwen gen espwa ke pa lapriyè ou yo pou mwen, y ap lage m nan men ou.
23  Épaphras, prizonye parèy mwen nan Kris Jésus, salye ou 24 tankou Marc, Aristarque, Démas Luc, ouvriye parèy a mwen yo.
25  Ke lagras Senyè a, Jésus Kri, rete avèk lespri ou. Amen.
1:1 Ef 3:1 1:2 Kol 4:17 1:2 Fil 2:25 1:3 Wo 1:7 1:4 Wo 1:8 1:5 Ef 1:15 1:6 Phm 1:9 1:7 II Kor 7:4,13 1:7 I Kor 16:18 1:8 II Kor 3:12 1:9 Tit 2:2 1:9 Phm 1 1:10 I Kor 4:14 1:10 Kol 4:9 1:14 II Kor 9:7 1:15 Jen 45:5,8 1:16 Mat 23:8 1:17 II Kor 8:23 1:19 I Kor 16:21 1:20 Phm 1:7 1:21 II Kor 2:3 1:22 II Kor 1:11 1:23 Kol 1:7 1:24 Kol 4:10 1:24 Kol 4:14 1:25 Gal 6:18