2
Men pou ou menm, pale bagay ki apwopriye a bon doktrin nan.
Mesye nan laj avanse yo dwe tanpere, dign, rezonab solid nan lafwa, nan lanmou, ak nan pèseverans.
Fanm nan laj avanse yo, menm jan an, yo dwe sen nan konpòtman yo pa nan fè medizans, ni vin esklav a anpil diven, e yo dwe ap enstwi sa ki bon pou yo kapab ankouraje jèn fanm yo pou renmen mari yo, e pou renmen pitit yo, pou yo kapab reflechi kon moun serye, rete san tach, fè travay lakay yo, janti, soumèt a pwòp mari yo, pou yo pa dezonore pawòl Bondye a.
Menm jan an, ankouraje jennonm yo pou yo toujou reflechi kon moun serye. Nan tout bagay, montre tèt ou kòm yon egzanp a bon zèv. Le ou enstwi, fè l avèk tout verite nan doktrin nan, konpòtman ki dign, ak yon bi verite a ki pa konwonpi, rezonab ak pawòl ki san repwòch, pou sila ki opoze yo kapab vin wont, pou yo pa gen anyen mal pou di sou nou.
Ankouraje esklav yo pou soumèt a pwòp mèt yo nan tout bagay, pou fè yo plezi, san diskisyon, 10 pa nan vòlè, men nan montre tout bon lafwa nan tout bagay pou yo kapab anbeli doktrin Bondye a, Sovè nou an, nan tout jan.
11 Paske lagras Bondye gen tan parèt, e pote sali pou tout moun 12 kap enstwi nou pou rejte sa ki pa a Bondye ak dezi mond lan pou viv avèk bon rezon, ladwati, ak yon vi fidèl nan tan prezan sila a; 13 nan chèche lesperans beni ak aparisyon laglwa a gran Bondye ak Sovè nou an, Jésus Kri 14 ki te bay tèt Li pou nou, pou rachte nou de tout zèv malveyan, e pirifye pou tèt Li yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, ki zele pou fè bon zèv.
15 Pale, egzòte, e repwoche nan bagay sa yo avèk tout otorite. Pa kite pèsòn meprize ou.
2:1 Tit 1:9 2:2 I Tim 3:2 2:2 Tit 1:13 2:3 I Tim 3:11 2:3 Tit 1:13 2:5 I Tim 5:14 2:5 Ef 5:22 2:6 I Tim 5:1 2:7 I Tim 4:12 2:8 II Tes 3:14 2:9 Ef 6:5 2:10 Tit 1:3 2:11 II Tim 1:10 2:11 I Tim 2:4 2:12 I Tim 6:9 2:12 II Tim 3:12 2:13 Tit 1:4 2:14 I Tim 2:6 2:14 Sòm 130:8 2:15 I Tim 4:13