3
1 Sa se yon vre pawòl: Si yon nonm ta vle devni yon ✡pastè, se yon bon zèv li dezire fè a. 2 ✡Yon pastè, alò, dwe san repwòch, mari a yon madanm, tanpere, pridan, respektab, emab, avèk yon kapasite pou enstwi. 3 Li pa dwe bwè diven ak eksè, oswa agresif, men janti, pezib, e ✡lib de lanmou lajan. 4 Li dwe yon moun ki ✡jere pwòp kay li byen, e ki kenbe pitit li yo anba bon kontwòl avèk tout dignite; 5 (men si yon moun pa konnen kijan pou l jere pwòp kay li, kijan li va pran swen ✡legliz Bondye a?) 6 Fòk li pa yon nouvo konvèti, pou li kab pa vin ògeye, e tonbe nan kondanasyon ki fèt pa pèlen Dyab la. 7 Li dwe ✡gen bon repitasyon avèk sila ki deyò legliz yo, pou li pa tonbe nan repwòch ak ✡pèlen Satan.
8 Dyak yo, menm jan an, dwe se moun ki gen dignite, ki pa ipokrit, oubyen renmen bwè diven ak twòp eksè, oubyen renmen lajan twòp 9 ✡men ki kenbe a mistè lafwa a avèk yon konsyans ki pwòp. 10 ✡Mesye sa yo dwe, osi, pase tès avan; answit, kite yo sèvi kòm dyak si yo pa gen repwòch.
11 Fanm yo dwe menm jan an, dign ✡pa nan fè medizans, men tanpere, fidèl nan tout bagay.
12 Dyak yo dwe ✡mari a yon sèl fanm, ✡bon dirijan a pitit yo ak pwòp lakay yo. 13 Paske sila ki sèvi byen kòm dyak yo ✡resevwa pou tèt yo, yon wo pozisyon ak gwo konfyans nan lafwa ki nan Kris Jésus a.
14 M ap ekri bagay sa yo bannou, avèk esperans ke m ap vin kote nou avan lontan, 15 men an ka ke mwen pran reta, mwen ekri yo pou nou kab konnen kijan yon moun ta dwe kondwi tèt li nan ✡kay Bondye a, ki se legliz a Bondye vivan an, ki se pilye ak soutyen verite a.
16 San gen diskisyon, gran se mistè lavi sentete a:
Sila ki
Te ✡revele nan lachè a,
Te jistifye nan Lespri a
Te wè pa zanj yo,
Te ✡pwoklame pami nasyon yo,
Te resevwa kwayans mond lan,
Te leve wo nan laglwa a.
✡ 3:1 Trav 20:28 ✡ 3:2 Tit 3:2-4 ✡ 3:3 I Tim 3:8 ✡ 3:4 Tit 3:12 ✡ 3:5 I Kor 10:32 ✡ 3:7 II Kor 8:21 ✡ 3:7 II Tim 2:26 ✡ 3:9 I Tim 1:5,19 ✡ 3:10 I Tim 5:22 ✡ 3:11 II Tim 3:3 ✡ 3:12 I Tim 3:2 ✡ 3:12 I Tim 3:4 ✡ 3:13 Mat 25:21 ✡ 3:15 Ef 2:21 ✡ 3:16 Jn 1:14 ✡ 3:16 Wo 16:26