2
1 Dabò, alò, mwen ankouraje pou ✡siplikasyon ak priyè, rekèt ak remèsiman fèt pou tout moun, 2 ✡pou wa ak tout sila ki nan otorite yo, pou nou kapab mennen yon vi trankil e kalm nan tout sentete ak dignite.
3 Sa bon e akseptab nan zye ✡Bondye, Sovè nou an, 4 ✡ki dezire pou tout moun vin sove e vini a konesans a verite a. 5 Paske gen ✡yon Bondye, yon ✡medyatè osi antre Bondye ak lòm, ki se nonm nan, Jésus Kri, 6 ki te bay tèt li kòm ranson pou tout moun, temwayaj ke Li te bay nan ✡pwòp lè li a. 7 Pou sa, mwen te chwazi kòm predikatè ak apot (m ap bannou verite, mwen p ap bannou manti), kòm yon mèt ✡pou enstwi pèp etranje yo nan lafwa ak verite a.
8 Konsa, mwen vle moun tout kote priye; ✡vin leve men sen yo, san kòlè ak doute. 9 Menm jan an, mwen vle ✡fanm yo abiye yo menm avèk vètman ki kòrèk, senp e avèk desans, pa avèk cheve trese ak lò oswa pèl oswa rad ki koute chè, 10 men, de preferans, pa mwayen a bon zèv, jan sa kòrèk pou fanm ki nonmen non Bondye yo.
11 Yon fanm dwe resevwa enstriksyon an silans ak tout soumisyon.✡ 12 ✡Men mwen pa pèmèt yon fanm enstwi oubyen ekzèse otorite sou yon gason, men li rete an silans. 13 ✡Paske se te Adam ki te kreye avan, e answit, Eve. 14 Epi se pa t Adam ki te twonpe a, men ✡fanm nan te twonpe, e yo te tonbe nan transgresyon. 15 Men fanm yo va sove nan fè pitit si yo kontinye nan ✡lafwa ak lanmou, sentete ak kontwòl tèt yo.
✡ 2:1 Ef 6:18 ✡ 2:2 Esd 6:10 ✡ 2:3 Luc 1:47 ✡ 2:4 I Tim 4:10 ✡ 2:5 Wo 3:30 ✡ 2:5 Gal 3:20 ✡ 2:6 I Tim 6:15 ✡ 2:7 Ef 3:8 ✡ 2:8 Sòm 63:4 ✡ 2:9 I Pi 3:3 ✡ 2:11 I Kor 14:34 ✡ 2:12 I Kor 14:34 ✡ 2:13 Jen 2:7,22 ✡ 2:14 Jen 3:6,13 ✡ 2:15 I Tim 1:14