4
1 Men ✡Lespri a di byen klè ke nan dènye tan yo, kèk moun va tonbe kite lafwa pou prete atansyon a Lespri twonpè ak doktrin a dyab yo, 2 epi pa mwayen ipokrizi a mantè yo, vin ✡make nan pwòp konsyans pa yo, kòmsi li brile avèk fè etanp ki cho; 3 moun ki entèdi maryaj, e k ap rekòmande evite manje, ke ✡Bondye te kreye pou pataje avèk remèsiman pa sila ki kwè e ki konnen verite yo. 4 Paske tout bagay kreye pa Bondye, bon, e anyen pa dwe rejte, si li ✡resevwa avèk remèsiman, 5 paske li sanktifye pa mwayen ✡pawòl Bondye a ak lapriyè.
6 Nan montre bagay sa yo a frè yo, nou va yon bon sèvitè a Kris Jésus, e nou va nouri tout tan nan pawòl lafwa ak bon doktrin ke nou ✡deja ap swiv yo. 7 Men pa okipe vye listwa mond yo ki fèt pou vye fanm yo.
Sou lòt kote, disipline tèt ou ✡pou vi sentete a. 8 Paske ✡disiplin pou kò a sèlman, pa gen gran avantaj men vi sentete a gen avantaj nan tout jan, paske li kenbe pwomès pou ✡lavi koulye a, e osi pou lavi k ap vini an.
9 ✡Sa se yon vre Pawòl ki merite aksepte pa tout moun. 10 Paske se pou sa nou travay ak fè efò a. Nou gen tan fikse ✡esperans nou sou Bondye vivan an, ki se ✡Sovè a tout moun, sitou a kwayan yo.
11 ✡Preskri e enstwi bagay sa yo.
12 Pa kite pèsòn gade ou ba akoz jenès ou, men de preferans nan pawòl, kondwit ✡lanmou, lafwa, ak yon vi san tach, prezante tèt ou kòm ✡yon egzanp a sila ki kwè yo.
13 Jiskaske m vini, bay enpòtans a ✡li lekriti sen yo an piblik, a egzòtasyon ak enstriksyon.
14 Pa neglije don Lespri Bondye ki nan ou a, ki te bay a ou menm pa yon pawòl pwofetik avèk ✡men Ansyen ki te poze sou ou ✡yo.
15 Konsakre ou seryezman a bagay sa yo; antre ladan yo, pou pwogrè ou kapab klè a tout moun.
16 ✡Prete anpil atansyon a tèt ou e ak enstriksyon ou an. Pèsevere nan bagay sa yo, paske lè ou fè sa, ou va asire Sali tèt ou ak sila ki tande ou yo.
✡ 4:1 Jn 16:13 ✡ 4:2 Ef 4:19 ✡ 4:3 Jen 9:3 ✡ 4:4 Wo 14:6 ✡ 4:5 Jen 1:25,31 ✡ 4:6 II Tim 3:10 ✡ 4:7 I Tim 4:8 ✡ 4:8 Kol 2:23 ✡ 4:8 Mat 6:33 ✡ 4:9 I Tim 1:15 ✡ 4:10 II Kor 1:10 ✡ 4:10 I Tim 2:4 ✡ 4:11 I Tim 5:7 ✡ 4:12 Tit 2:7 ✡ 4:12 I Tim 1:14 ✡ 4:13 II Tim 3:15 ✡ 4:14 Trav 6:6 ✡ 4:14 Trav 11:30 ✡ 4:16 Trav 20:28