5
Salomon
Mwen te vini nan jaden mwen an, sè mwen,
fi a maryaj mwen an.
Mwen te ranmase lami mwen ak tout fèy awomatik mwen.
Mwen te manje gato myèl ak siwo myèl mwen;
mwen te bwè diven mwen ak lèt mwen.
 
Lòt Yo
Manje, zanmi nou yo; bwè e vin sou ak lanmou!
 
Jenn Fi a
Mwen t ap dòmi, men kè m t ap veye.
Yon vwa! Cheri mwen an t ap frape sou pòt la:
“Ouvri pou mwen, sè mwen, cheri mwen an,
toutrèl mwen an, ou menm ki pafè pou mwen an! Tèt mwen mouye ak lawouze,
très cheve mwen ak imidite nwit lan.
Mwen te fin retire rad mwen;
kijan pou m ta remete l ankò a?
Mwen te lave pye mwen;
kijan pou m ta fè vin sal yo ankò a?
Cheri mwen an te lonje men l pase nan twou pòt la.
Tout santiman kè m te leve pou li.
Mwen te leve pou ouvri pou cheri mwen an.
Men m te degoute menm ak lami,
e dwèt mwen ak dlo lami, sou manch boulon pòt lan.
Mwen te ouvri a cheri mwen an,
men cheri mwen an te vire kite pou l ale!
Kè m te sòti lè l te pale a.
Mwen te chache li, men mwen pa t jwenn li.
Mwen te rele li, men li pa t reponn mwen.
Gadyen ki te fè tou vil la te twouve mwen.
Yo te bat mwen.
Yo te blese mwen.
Jandam sou miray la te retire gwo manto mwen an.
 
“M ap avèti nou, O fi a Jérusalem yo,
si nou jwenn cheri mwen an, konsa nou va di l;
ke mwen malad ak lanmou.”
 
Lòt Yo
“Ki jan cheri ki cheri ou a,
sinon pi bèl pami fanm yo?
Ki jan cheri ki cheri ou a,
pi bon pase lòt,
ke ou ta nomen non l devan nou konsa?”
 
Jenn Fi a
10 Cheri mwen an mèvèye,
yon figi wouj ranpli ak sante,
k ap parèt miyò pami di-mil.
11 Tèt li tankou lò, lò san tach;
très cheve li tankou grap rezen
e nwa tankou kòbo.
12 Zye li tankou toutrèl
akote dlo k ap koule,
ki benyen nan lèt,
ki monte kon bijou akote yon basen dlo.
13 De bò figi li tankou yon kabann fèt ak fèy awomatik,
kap poze sou yon kouch zèb santi bon.
Lèv li yo se flè lis ki degoute dlo lami.
14 Men li se wondèl fèt an lò,
anbeli ak bijou beril.
Kò li se ivwa taye ki kouvri ak pyè safi.
15 Janm li se pilye fèt an mèb blan,
plase sou yon baz lò san tach;
aparans li tankou chwa Liban an,
kon pi bèl bwa sèd li.
16 Bouch li plen ak dousè.
Li dezirab nèt.
Sa se cheri mwen an,
e sa se zanmi mwen an,
o fi Jérusalem yo.
5:2 Kan 5:11 5:3 Luc 11:7 5:4 Jr 31:20 5:5 Kan 5:13 5:6 Kan 6:1 5:7 Kan 3:3 5:8 Kan 2:5 5:10 Sòm 45:2 5:11 Kan 5:2 5:12 Egz 25:7 5:13 Kan 2:1 5:15 Kan 7:4