4
Salomon
A la ou bèl, cheri mwen an, a la ou bèl!
Zye ou tankou toutrèl dèyè vwal ou;
cheve ou tankou yon bann kabrit
ki fin desann sòti Mòn Galaad.
Dan ou tankou yon bann mouton
ak lenn fenk taye ki sot benyen.
Yo tout fè pòtre jimo yo,
ni youn nan yo pa pèdi pitit li.
Lèv ou tankou fisèl wouj
e bouch ou tèlman bèl.
De bò figi ou tankou yon tranch grenad dèyè vwal ou.
Kou ou tankou fò David la,
bati ak wòch byen ranje sou sila yo mete mil boukliye yo,
tout boukliye won a mesye pwisan yo.
De tete ou tankou de jèn ti antilòp;
jimo manman k ap chache manje pami flè lis yo.
 
Jiskaske jou a bese pou l vin fre
e lonbraj yo vin disparèt,
mwen va trase chemen mwen rive nan mòn
fèy bazilik la, ak nan kolin lansan an.
 
Ou fin bèl nèt, cheri mwen an,
e nanpwen defo nan ou.
Vin avè m soti Liban, fi maryaj mwen an;
m bezwen ou vini avè m sòti Liban.
Vwayaje desann soti nan wo pwent Amana,
soti nan wo pwent Mòn Senir ak Hermon;
soti nan kav lyon yo, nan mòn a leyopa yo.
 
Ou fè kè m bat pi vit sè mwen, fi maryaj mwen an;
ou te fè kè m bat pi vit ak yon sèl ti kout zye tou kout,
ak yon sèl bout fisèl nan kolye ou.
10  A la bèl lanmou ou bèl, sè mwen an,
fi a maryaj mwen an!
A la pi bon lanmou ou pi bon pase diven
e bon odè a lwil ou depase tout kalite epis!
11 Lèv ou, fi a maryaj mwen an, gen gou siwo myèl;
siwo myèl ak lèt anba lang ou.
Bon odè vètman ou tankou bon odè Liban an.
12 Yon jaden fèmen ak kle se sè mwen,
fi a maryaj mwen;
yon jaden wòch ki fèmen,
yon fontèn dlo ki ansèkle.
13 Boujon ou se yon chan kiltive ak pye grenad,
ak fwi chwazi, pye jasmen ak ti bonm;
14 ti bonm ak safran, sitwonèl ak kannèl,
ak tout bwa lansan yo, lami ak lalwa,
ansanm ak tout meyè kalite epis yo.
15 Ou menm se yon sous jaden,
yon pwi dlo fre ak ti ravin dlo k ap kouri soti Liban.
Jenn Fi an
16 Leve, o van nan nò a, e vini van nan sid!
Fè jaden mwen respire ak souf bon odè;
kite epis li yo vante gaye toupatou.
Ke cheri mwen an vin nan jaden li an
pou manje tout fwi chwa li yo.
4:1 Kan 1:15 4:2 Kan 6:6 4:3 Jos 2:18 4:4 Kan 7:4 4:5 Kan 7:3 4:6 Kan 2:17 4:7 Kan 1:15 4:8 I Wa 4:33 4:9 Jen 41:42 4:10 Kan 7:6 4:11 Jen 27:27 4:12 Jen 29:3 4:14 Sòm 45:8 4:15 Za 14:8