6
Lòt yo
“Kote cheri ou a te ale, o pi bèl pami fanm yo?
Kote cheri ou a te vire, pou nou ka chache li ansanm avèk ou?”
 
Jenn Fi a
Cheri mwen an te desann nan jaden li an,
nan kabann ki fèt ak fèy awomatik,
pou fè patiraj twoupo li nan jaden yo,
pou ranmase flè lis.
Mwen pou cheri mwen an e cheri mwen pou mwen;
sila ki fè patiraj twoupo li pami flè lis yo.
 
Salomon
Ou bèl, cheri mwen an, tankou Thirtsa;
bèl tankou Jérusalem,
mèvèye tankou yon lame ak drapo yo.
Vire zye ou! Pa gade m!
Paske zye ou fè m egare.
Cheve ou tankou yon bann kabrit k ap soti desann Galaad.
Dan ou tankou yon bann mouton
ki fenk monte sot benyen.
Yo tout ki pòtre marasa.
Nanpwen menm youn nan yo ki pèdi pitit.
De bò figi ou tankou yon tranch grenad
dèyè vwal ou.
 
Genyen swasant rèn ak katre-ven konkibin,
e jèn fi menm pa kab konte;
Men toutrèl mwen an, parèy san parèy mwen an inik;
li se sèl fi a manman li.
Fi san tach a sila ki te pote li a.
Jenn fi yo te wè l e te rele l beni;
ni rèn ni konkibin yo.
Yo te louwe l pou di:
 
10 Kilès li ye ki grandi kon solèy leve a,
bèl tankou plèn lin nan,
san tach tankou solèy la,
e mèvèye tankou yon lame ak tout drapo li a?
 
11 Mwen te desann nan chan bwa nwa yo
pou wè bwa vèt yo nan vale a;
pou wè si chan rezen fin fè boujon,
oswa grenad yo te fleri.
12 Avan mwen te menm konnen,
dezi m te plase mwen sou cha a pèp nòb mwen an.
 
Lòt Yo
13 Retounen, retounen, O Silamit lan;
retounen, retounen, pou zye nou ka gade ou!
 
Salomon
Poukisa ou ta gade Silamit lan tankou se nan dans a de twoup koral?
6:1 Kan 5:6 6:2 Kan 2:1 6:4 I Wa 14:17 6:5 Kan 4:1 6:6 Kan 4:2 6:7 Kan 4:3 6:8 Kan 1:3 6:9 Jen 30:13 6:10 Mat 17:2 6:11 Kan 4:13 6:13 Jij 21:21