KANTIK A KANTIK YO
1
Kantik A Kantik Yo, ki ekri pa Salomon.
Jenn Fi a
Kite l bo m ak bo bouch li!
Paske lanmou ou bon pase diven.
 
Lwil pafen ou yo santi bon.
Non ou menm se tankou lwil kap vide;
se pou sa ke tout vyèj yo renmen ou konsa.
Rale m dèyè ou e annou kouri ansanm!
Wa a mennen m nan chanm li yo.
 
Lòt Yo
“Nou va rejwi nan ou e fè kè kontan;
nou va leve lanmou ou wo plis pase diven.
Jenn Fi a
Ak bon rezon, yo renmen ou konsa.”
Mwen menm, mwen nwa; men mwen byen bèl,
O fi a Jérusalem yo, tankou tant Kédar yo,
tankou rido a Salomon yo.
Pa gade mwen konsa akoz mwen nwa;
solèy la brile m konsa.
Fis a manman m yo te byen fache avè m;
Yo te fè m gadyen chan rezen yo.
Men pwòp jaden pa m nan vin neglije.
Pale mwen, ou menm nan
ke nanm mwen tèlman renmen;
ki kote ou fè patiraj twoupo ou a?
Ki kote ou konn fè l kouche a midi?
Paske poukisa mwen ta tankou yon moun
ki vwale figi li nan kote twoupo zanmi ou yo?
 
Salomon
Si ou menm, ou pa konnen,
O pi bèl pami tout fanm yo;
janbe swiv wout twoupo a,
e fè patiraj pou jenn kabrit ou yo
akote tant bèje ou yo.
Pou mwen, cheri mwen an,
ou tankou pi bèl poulich
pami sa kap rale cha Farawon an.
10 Bò figi ou byen bèl ak zanno,
kou ou ak bèl kolye.
 
Lòt Yo
11 Nou va fè pou ou dekorasyon an lò
anbeli ak pwent an ajan tou won.
Jenn Fi a
12 Pandan wa a te sou tab li,
pafen mwen te rive kote l ak bèl odè.
13 Sila ke m renmen an se yon pòch pafen;
fèy bazilik ki pase tout nwit lan antre tete mwen.
14 Cheri mwen an se yon grap flè jasmen
byen plase nan chan rezen En-Guédi yo.
Salomon
15 “Tèlman ou bèl, cheri mwen an; tèlman ou bèl!
Zye ou tankou toutrèl yo.”
Jenn Fi Lan
16 Gade jan ou bèl e byen agreyab, cheri mwen an;
anverite, se zèb vèt kap fè kabann nou.
Salomon
17 Pilye kay nou se bwa sèd
e travès yo se bwa pen.
1:1 I Wa 4:32 1:2 Kan 1:4 1:3 Ekl 7:1 1:4 Kan 1:4 1:5 És 60:7 1:6 Sòm 69:8 1:7 Kan 8:13 1:8 Kan 5:9 1:9 II Kwo 1:16-17 1:10 Jen 24:53 1:12 Kan 4:14 1:13 Sòm 45:8 1:14 I Sam 23:29 1:15 Kan 4:1 1:16 Kan 2:3-17 1:17 I Wa 6:9-10