12
1 Anplis, ✡sonje Kreyatè ou a nan jou jenès ou yo,
avan move jou yo rive e ane yo pwoche lè ou va di:
“Mwen pa pran plezi nan yo;”
2 Avan ✡solèy la ak limyè a, lalin nan ak zetwal yo vin tounwa,
e nwaj yo retounen apre lapli yo;
3 nan jou ke gadyen kay la tranble a,
e mesye pwisan yo vin ✡koube a.
Lè sila k ap moulen yo rete san travay
akoz anpil nan yo ki manke,
e sila k ap gade nan fenèt yo vin mal pou wè.
4 Lè pòt vè lari yo vin fèmen akoz bri moulen an vin ba,
e yon moun va leve ak son zwazo a,
epi tout fi chanson yo va rete ba.
5 Anplis mesye yo va vin pè yon wo plas
ak gwo danje k ap vini a.
Lè pye zanmann nan fleri, krikèt volan rale kò l olon wout la,
e dezi gason an pa ka.
Paske lòm nan ap prale nan ✡kay etènèl li a,
pandan sila k ap fè dèy yo vire toupatou nan wout la.
6 Sonje Li avan kòd ajan an kase,
e ✡bòl an lò a kraze kivèt dlo la kote pwi a vin fann,
e wou sitèn nan vin kraze.
7 Paske konsa pousyè la va retounen nan tè a jan li te ye a,
e lespri a va retounen kote ✡Bondye ki te bay li a.
8 ✡“Vanite sou vanite”, predikatè a di: “tout se vanite!”
9 Anplis akoz li te yon nonm saj, predikatè a te enstwi pèp la ak konesans. Wi, li te reflechi, chache twouve, e te aranje ✡anpil pwovèb. 10 Predikatè a te chache jwenn bèl mo pou ekri ✡pawòl verite yo byen kòrèk. 11 ✡Pawòl a moun saj yo tankou pwent pike bèt yo ye; tankou klou ki kloure nèt, se konsa ansanm a pawòl sila yo ye. Se yon sèl Bèje ki bay yo tout.
12 Men anplis ke sa, fis mwen, veye byen: ekri ✡anpil liv se yon bagay san rete, e anpil devosyon a liv yo va fatige kò ou. 13 Konklizyon lè tout bagay fin tande se: ✡Gen lakrent Bondye e kenbe kòmandman li yo, akoz se sa ki aplike a tout moun. 14 Paske ✡Bondye va pote tout zèv nan jijman; tout sa ki kache, kit li bon kit li mal.
✡ 12:1 Det 8:18 ✡ 12:2 És 5:30 ✡ 12:3 Sòm 35:14 ✡ 12:5 Job 17:3 ✡ 12:6 Za 4:2-3 ✡ 12:7 Nonb 16:22 ✡ 12:8 Ekl 1:2 ✡ 12:9 I Wa 4:32 ✡ 12:10 Pwov 22:20 ✡ 12:11 Trav 2:37 ✡ 12:12 I Wa 4:32 ✡ 12:13 Ekl 3:14 ✡ 12:14 Ekl 3:17