2
Jenn Fi a
Mwen se flè Woz Saron an,
flè Lis a vale yo.
 
Salomon
Tankou yon flè lis pami pikan yo,
se konsa cheri mwen an ye
pami tout jenn fi yo.
 
Jenn Fi a
Tankou yon pye pòm pami bwa nan forè,
se konsa cheri mwen an ye pami jennonm yo.
Nan lonbraj li mwen te pran gwo plezi pou m te chita;
konsa fwi li te dous nan gou m.
Li te mennen m nan gwo sal bankè li,
e drapo li monte sou mwen an se lanmou.
Ban m fòs ak gato rezen,
rafrechi m ak pòm,
akoz mwen malad ak lanmou.
Kite men goch li rete anba tèt mwen
ak men dwat li pou l anbrase m.
M ap avèti nou, O fi a Jérusalem yo,
nan non antilòp ak bich mawon an,
pou nou pa fè lanmou m leve,
ni ouvri zye li jiskaske se plezi li.
 
Koute! Men cheri mwen an!
Men l ap vini!
L ap monte sou mòn yo,
epi vòltije sou kolin yo!
Cheri mwen an tankou yon antilòp,
oswa yon jenn sèf.
Gade byen, li kanpe dèyè mi kay nou an;
l ap gade nan fenèt yo, l ap gade nan jalouzi a.
 
10 Cheri mwen an te reponn mwen
e te di m: “Leve vini cheri mwen an,
pi bèl mwen an.
11 Paske gade, sezon fredi a fin pase,
lapli fin pati nèt.
12 Flè yo deja parèt nan peyi a;
tan chante a fin rive!
Vwa toutrèl la ap koute deja nan peyi a.
13 Fwi pye fig etranje a fin mi,
e chan rezen yo bay odè pafen.
Leve vini, annou pati!”
Salomon
14 O toutrèl nan fant wòch mwen an,
nan kote sekrè chemen ki monte apik,
kite mwen wè figi ou, kite mwen tande vwa ou!
Paske vwa ou dous e fòm ou bèl nèt.
15 Kenbe rena yo pou nou,
ti rena k ap detwi chan rezen yo,
paske chan nou yo ap fè flè.
Jenn Fi a
16 Cheri mwen an se pa m,
e mwen se pa l.
Li fè patiraj twoupo li pami flè lis yo.
17 Jiskaske joune a vin fè fre
lè lonbraj yo kouri ale;
vire, cheri mwen an,
fè tankou antilòp la, oswa jenn sèf sou mòn Bether a.
2:2 Kan 1:9 2:3 Kan 8:5 2:4 Sòm 20:5 2:5 II Sam 6:19 2:6 Pwov 4:8 2:7 Kan 3:5 2:8 Kan 2:17 2:9 Pwov 6:5 2:10 Kan 2:13 2:12 Jen 15:9 2:13 Mat 24:32 2:14 Jr 48:28 2:15 Éz 13:4 2:17 Kan 4:6