37
Yon Sòm David
1 Pa twouble tèt ou akoz mechan yo. Pa vin ✡pote lanvi pou malfektè yo.
2 Paske yo va ✡fennen vit tankou zèb chan,
e disparèt tankou zèb ki vèt.
3 Mete konfyans ou nan SENYÈ a, e fè sa ki bon.
✡Demere nan peyi a e kiltive nan bon tè.
4 Pran plezi ou nan SENYÈ a.
Konsa, Li va ✡bay ou tout dezi a kè ou.
5 ✡Dedye chemen ou a SENYÈ a.
Mete konfyans nan Li, e sa L ap fè:
6 Li va mennen fè parèt ladwati ou kon limyè,
Ak jijman ou klere ✡kon midi.
7 Pran repo nan SENYÈ a, e ✡tann Li ak pasyans;
Pa twouble ou akoz sila ki reyisi nan chemen li an,
Akoz nonm nan ki reyisi fè manèv mechan li yo.
8 Sispann fache pou l pa mennen ou nan fè mal.
Pa kite kè ou twouble; l ap mennen ou nan mechanste
9 Konsa, ✡malfektè yo va koupe retire nèt,
men sila k ap tann SENYÈ yo,
va vin genyen peyi a kon eritaj yo.
10 Men yon ✡ti tan ankò, mechan an va disparèt.
Ou va chache avèk atansyon plas li,
men li p ap egziste.
11 Konsa, ✡enb yo va fè eritaj peyi a.
Yo va pran plezi yo nan reyisi anpil.
12 Mechan an ✡fè konplo kont sila ki dwat yo.
Li manje dan l sou li.
13 SENYÈ a ri sou li, paske Li wè ke ✡jou li a ap rive.
14 Mechan yo rale nepe e ✡koube banza yo,
pou jete aflije yo avèk malere a,
pou touye sila ki dwat nan kondwit yo.
15 Nepe yo va antre nan pwòp kè yo.
✡Banza yo ap kase.
16 ✡Pi bon se ti kras a moun dwat yo,
pase abondans anpil a mechan yo.
17 Paske bra a mechan yo va kase,
men SENYÈ a va ranfòse moun dwat yo.
18 SENYÈ a ✡konnen jou a sila ki dwat yo.
Eritaj yo va dire jis pou tout tan.
19 Yo p ap wont nan move tan.
Nan ✡jou gwo grangou yo, y ap jwenn kont.
 
20 Men mechan yo va peri.
Lènmi a SENYÈ a, tankou laglwa a bèl chan yo.
Yo va vin disparèt.
Tankou ✡lafimen,
yo ale nèt.
21 Mechan an prete, men li pa remèt,
men moun dwat la ✡ranpli ak gras pou l ka bay an abondans.
22 Paske sila ke Bondye beni yo, va ✡eritye peyi a,
men sila ke Li modi yo, va vin koupe retire nèt.
23 ✡Pa a yon nonm etabli pa SENYÈ a.
Konsa, Li pran plezi nan chemen li.
24 Lè ✡li tonbe, li p ap voye tèt anba nèt,
paske SENYÈ a se Sila ki kenbe men li an.
25 Mwen te jèn e koulye a, mwen fin granmoun,
men ✡mwen poko wè moun dwat ki abandone,
ni desandan li yo k ap mande pen.
26 Tout lajounen, ✡ moun dwat la
plen ak gras pou prete moun.
Desandan li yo se yon benediksyon.
27 Kite mal e fè sa ki bon,
pou ou kab viv ✡jis pou tout tan.
28 Paske SENYÈ a renmen jistis,
e li pa abandone fidèl li yo.
Yo prezève pou tout tan,
men mechan yo va vin koupe retire nèt.
29 Moun ladwati yo va ✡eritye peyi a,
pou viv ladann pou tout tan.
 
30 Bouch a moun dwat yo va eksprime sajès,
epi lang li va ✡pale jistis.
31 ✡Lalwa Bondye nan kè li.
Pa li yo pa janm glise.
32 Mechan an ap veye dwat la
pou ✡chache touye li.
33 SENYÈ a p ap kite l lantre nan men li,
ni ✡kite li kondane lè li jije.
34 Tann SENYÈ a e kenbe chemen Li an.
Konsa, Li va leve ou wo pou eritye peyi a.
Lè ✡mechan yo koupe retire, ou va gen tan wè l.
 
35 Mwen konn ✡wè yon nonm mechan e vyolan
Ki gaye kò l tankou yon gwo pyebwa nan tè peyi natal li.
36 Konsa, li mouri nèt, e vwala, li ✡pa t la ankò.
Mwen te chache li, men li pa t kab twouve.
37 Byen remake nonm san tò a,
epi gade byen nonm ladwati a,
paske nonm lapè a va gen ✡posterite.
38 Men pechè a va detwi nèt.
Posterite a mechan an va ✡koupe retire nèt.
39 Men ✡delivrans a moun dwat yo soti nan SENYÈ a.
Se Li menm ki fòs yo nan tan twoub la.
40 SENYÈ a ede yo e delivre yo.
Li delivre yo soti nan men mechan yo e sove yo.
Li sove yo, akoz se nan Li ke yo ✡kache.
✡ 37:1 Sòm 73:3 ✡ 37:2 Job 14:2 ✡ 37:3 Éz 34:13-14 ✡ 37:4 Sòm 145:19 ✡ 37:5 Pwov 16:3 ✡ 37:6 Job 11:17 ✡ 37:7 Sòm 40:1 ✡ 37:9 Sòm 37:2-22 ✡ 37:10 Job 24:24 ✡ 37:11 Mat 5:5 ✡ 37:12 Sòm 31:13-20 ✡ 37:13 I Sam 26:10 ✡ 37:14 Lam 2:4 ✡ 37:15 I Sam 2:4 ✡ 37:16 Pwov 15:16 ✡ 37:18 Sòm 1:6 ✡ 37:19 Job 5:20 ✡ 37:20 Sòm 68:2 ✡ 37:21 Sòm 112:5-9 ✡ 37:22 Pwov 3:33 ✡ 37:23 I Sam 2:9 ✡ 37:24 Pwov 24:15 ✡ 37:25 Eb 13:5 ✡ 37:26 Det 15:8 ✡ 37:27 Sòm 102:28 ✡ 37:29 Sòm 37:9 ✡ 37:30 Sòm 119:13 ✡ 37:31 Det 6:6 ✡ 37:32 Sòm 37:14 ✡ 37:33 Sòm 34:22 ✡ 37:34 Sòm 52:5-6 ✡ 37:35 Job 5:3 ✡ 37:36 Job 20:5 ✡ 37:37 És 57:1-2 ✡ 37:38 Sòm 37:9 ✡ 37:39 Sòm 3:8 ✡ 37:40 I Kwo 5:20