38
Youn Sòm David; tankou yon sonj memorab
1 O SENYÈ, ✡pa repwoche mwen nan kòlè Ou,
ni fè m chatiman nan kòlè Ou k ap brile.
2 Paske ✡flèch Ou yo fin antre fon anndan m,
epi men Ou fin peze m.
3 ✡Nanpwen anyen ki ansante nan chè m,
akoz endiyasyon Ou.
Nanpwen lasante nan zo m yo
akoz peche mwen.
4 Paske ✡inikite mwen yo fin monte sou tèt mwen.
Tankou yon fado lou, yo peze twòp pou mwen.
5 Blesi mwen yo vin santi e anfle akoz ✡foli mwen.
6 Mwen fin koube nèt e ✡bese anpil.
Mwen ap fè doulè tout lajounen.
7 Paske ren mwen plen ak ✡brile.
Nanpwen anyen ansante nan chè m.
8 Mwen ✡pa kab santi anyen ankò.
Mwen fin kraze nèt.
Vwa m plenyen akoz kè m ajite.
9 SENYÈ, tout volonte m devan Ou.
Tout ✡plent a vwa m yo pa kache a Ou menm.
10 Kè m bat fò, ✡fòs mwen kite m.
Menm limyè a zye m, menm sa fin kite mwen.
11 Pwòch mwen yo avèk zanmi mwen yo
kanpe nan distans akoz touman m.
Fanmi m yo ✡kanpe byen lwen.
12 Sila ki chache lavi m yo, ap prepare pyèj yo pou mwen.
Sila ki chache fè m donmaj yo ap fè menas destriksyon.
Y ap manniganse trayizon tout lajounen.
13 Men mwen menm, tankou yon moun mouri,
mwen pa tande;
Epi se tankou yon bèbè, ki pa ouvri bouch li.
14 Wi, mwen tankou yon nonm ki pa tande.
E nan bouch mwen, pa gen repons.
15 Paske mwen mete espwa m nan Ou, O SENYÈ.
Ou ✡va reponn, O SENYÈ, Bondye mwen an.
16 Paske mwen te di: “Ke yo pa vin rejwi sou mwen.
Pou lè pye m chape, pou yo ✡ta vante tèt yo kont mwen.”
17 Paske mwen prèt pou tonbe.
✡Tristès mwen devan m tout tan.
18 Konsa, mwen konfese inikite mwen.
Mwen ranpli avèk ✡regrè akoz peche m.
19 Men lènmi m yo plen kouraj e fò.
Yo anpil ki ✡rayi mwen san koz.
20 Sila ki remèt mal pou byen yo
se lènmi m akoz mwen swiv sa ki bon.
21 Pa abandone m, O SENYÈ.
O Bondye m nan, ✡pa rete lwen m!
22 Fè vit pou ede mwen,
O SENYÈ, delivrans mwen an!
✡ 38:1 Sòm 6:1 ✡ 38:2 Job 6:4 ✡ 38:3 És 1:6 ✡ 38:4 Esd 9:6 ✡ 38:5 Sòm 69:5 ✡ 38:6 Sòm 35:14 ✡ 38:7 Sòm 102:3 ✡ 38:8 Lam 1:13-20 ✡ 38:9 Sòm 6:5 ✡ 38:10 Sòm 31:10 ✡ 38:11 Luc 23:49 ✡ 38:15 Sòm 17:6 ✡ 38:16 Sòm 35:26 ✡ 38:17 Sòm 13:2 ✡ 38:18 II Kor 7:9-10 ✡ 38:19 Sòm 35:19 ✡ 38:21 Sòm 22:19