36
Pou direktè koral la; Yon Sòm David, sèvitè SENYÈ a
1 Se Peche ki pale nan fon kè a lòm ki san Bondye.
Nanpwen ✡krent Bondye devan zye l.
2 Jan li kontan ak pwòp tèt li,
li pa janm wè pwòp peche pa l la.
3 ✡Pawòl a bouch li se mechanste avèk manti.
Li fè yon chemen ki pa bon.
4 Sou kabann li, li fè plan mechan;
Li antre nan yon wout ki p ap sòti byen;
Li ✡pa rayi mal.
 
5 ✡Lanmou dous Ou, O SENYÈ, rive jis nan syèl yo,
fidelite Ou nan syèl la.
6 Ladwati Ou se tankou mòn Bondye yo,
e✡jijman Ou yo tankou yon gran pwofondè.
O SENYÈ, Ou prezève ni lòm, ni bèt.
7 Lanmou dous Ou chè, O Bondye!
Pitit a lòm yo ✡pran azil anba lonbraj zèl Ou.
8 Yo ✡bwè jiskaske yo vin plen an abondans lakay Ou.
Konsa,Ou bay yo bwè nan rivyè plezi Ou yo.
9 Paske avèk Ou, se ✡fontèn dlo lavi a.
Nan limyè pa Ou a, nou wè limyè.
10 O bay toujou lanmou dous Ou a pou sila ki konnen Ou yo,
ak ✡ladwati Ou pou sila ki dwat nan kè yo.
11 Pa kite pye ògèy vini sou mwen,
ni pa kite men a mechan yo chase mwen ale.
12 Se la ✡sila k ap fè inikite yo gen tan fin tonbe.
Yo te peze desann ak fòs, e yo p ap kab leve ankò.
✡ 36:1 Wo 3:18 ✡ 36:3 Sòm 10:7 ✡ 36:4 Wo 12:9 ✡ 36:5 Sòm 57:10 ✡ 36:6 Wo 11:33 ✡ 36:7 Rt 2:12 ✡ 36:8 És 25:6 ✡ 36:9 Jr 2:13 ✡ 36:10 Sòm 24:5 ✡ 36:12 Sòm 140:10