112
1 Louwe SENYÈ a!
A la beni nonm ✡ ki krent SENYÈ a beni!
Sila ki pran gwo plezi nan kòmandman Li yo.
2 Desandan li yo va pwisan sou latè.
Jenerasyon ladwati a va beni.
3 Anpil byen ak gwo richès rete lakay li.
Ladwati li dire pou tout tan.
4 Limyè vin leve nan tenèb ✡pou moun ladwati a;
Li plen gras ak mizerikòd, ak jistis.
5 L ale byen pou nonm nan ki ✡gen mizerikòd e ki prete;
Li va prezève koz li a nan jijman an.
6 Paske li p ap janm ebranle.
Moun ✡dwat la va sonje jis pou tout tan.
7 Li p ap krent move nouvèl.
Kè Li fèm ✡ak konfyans nan SENYÈ a.
8 ✡Kè li kanpe dyanm.
Li pa pè anyen, jiskaske dènye moman an lè
li gade ak kè kontan advèsè li yo.
9 Li ✡te bay ak jenewozite a pòv yo.
Ladwati li dire jis pou tout tan.
Kòn li va egzalte nan lonè.
10 Mechan an va wè l e l ap vekse nèt.
Li va ✡manje dan l e vin fonn pou l disparèt.
Dezi a mechan an va peri.
✡ 112:1 Sòm 128:1 ✡ 112:4 Job 11:17 ✡ 112:5 Sòm 37:21 ✡ 112:6 Sòm 15:5 ✡ 112:7 Sòm 56:4 ✡ 112:8 Eb 13:9 ✡ 112:9 II Kor 9:9 ✡ 112:10 Sòm 35:16