113
1 Louwe SENYÈ a!
Louwe, O ✡sèvitè a SENYÈ yo,
Louwe non SENYÈ a.
2 ✡Beni se non SENYÈ a,
soti nan tan sa a e jis pou tout tan.
3 ✡Depi solèy leve jiskaske li kouche,
non SENYÈ a dwe louwe.
4 SENYÈ a ✡wo, anwo tout nasyon yo!
Glwa Li pi wo syèl yo!
5 Se ✡kilès ki tankou SENYÈ a, Bondye nou an,
Ki sou twòn Li anwo a,
6 ki ✡abese tèt Li pou gade tout bagay
ki nan syèl yo ak sou latè yo?
7 Li ✡fè malere a leve sòti nan pousyè a
e leve endijan an sòti nan pil sann nan,
8 pou fè yo ✡chita avèk prens yo.
Menm avèk prens a pèp Li yo.
9 Li ✡fè fanm steril la vin rete nan kay
kon yon manman pitit ak kè kontan.
Louwe SENYÈ a!
✡ 113:1 Sòm 34:22 ✡ 113:2 Sòm 145:21 ✡ 113:3 Sòm 50:1 ✡ 113:4 Sòm 8:1 ✡ 113:5 Egz 15:11 ✡ 113:6 Sòm 11:4 ✡ 113:7 I Sam 2:6 ✡ 113:8 Job 36:7 ✡ 113:9 I Sam 2:5