111
1 Louwe SENYÈ a!
Mwen va bay lwanj a SENYÈ a ak tout kè m,
✡Ansanm ak moun ladwati yo ak nan asanble a.
2 ✡Gran se zèv a SENYÈ yo!
Yo etidye pa tout moun ki pran plezi nan yo.
3 Ranpli ak bèlte avèk majeste se zèv Li yo.
Ladwati Li dire jis pou tout tan.
4 Li te fè mèvèy Li yo pou nou sonje nèt.
SENYÈ a ✡ranpli ak gras avèk mizerikòd.
5 Li te ✡bay manje a sila ki gen lakrent Li yo.
Li va sonje akò Li a jis pou tout tan.
6 Li te fè pèp Li wè pouvwa a zèv Li yo,
lè L te bay yo nasyon yo kon eritaj.
7 Zèv men Li yo se ✡verite avèk jistis.
Tout prensip Li yo vrè.
8 Yo va ✡andire jis pou tout tan.
Yo fèt nan verite avèk ladwati.
9 Li te voye ✡delivrans a pèp Li a.
Li te òdone akò Li a jis pou tout tan.
Sen e mèvèye, se non Li.
10 ✡Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès.
Tout sila ki fè kòmandman Li yo gen bon konprann.
Lwanj Li dire jis pou tout tan!
✡ 111:1 Sòm 89:7 ✡ 111:2 Sòm 92:5 ✡ 111:4 Sòm 86:5-17 ✡ 111:5 Mat 6:31-33 ✡ 111:7 Rev 13:3 ✡ 111:8 Sòm 119:160 ✡ 111:9 Luc 1:69 ✡ 111:10 Job 28:28