110
Yon Sòm David
1 ✡SENYÈ a di a Senyè mwen an: “Chita bò kote men dwat Mwen
Jiskaske Mwen fè ènmi Ou yo vin yon machpye pou Ou.”
2 SENYÈ a va lonje ✡baton wayal Ou a soti nan Sion e di:
“Se pou ou renye nan mitan ènmi Ou yo”.
3 Pèp Ou a va sèvi ak bòn volonte nan jou pouvwa Ou yo.
Yo parèt an sentete, soti nan zantray maten an;
ak jennes Ou, tankou ✡lawouzaj gran maten an.
4 SENYÈ a fin sèmante. Li ✡p ap chanje panse L:
“Ou se yon prèt jis pou tout tan selon lòd Melchisédek.”
5 SENYÈ a sou men dwat ou.
Li va ✡kraze wa yo nan jou kòlè Li a.
6 Li va ✡jije pami nasyon yo.
Li fè gwo pil kadav yo,
Li va brize tèt a chèf tout latè a.
7 Li va ✡bwè nan flèv pandan L an wout;
konsa, Li va leve tèt Li wo.
✡ 110:1 Mat 22:44 ✡ 110:2 Sòm 45:6 ✡ 110:3 II Sam 17:12 ✡ 110:4 Nonb 23:19 ✡ 110:5 Sòm 68:14 ✡ 110:6 És 2:4 ✡ 110:7 Jij 7:5-6