9
1 Sajès ✡bati kay li a;
li taye sèt gwo pilye li yo.
2 Li te ✡prepare manje li,
li te mele diven li; anplis, li fin ranje tab li.
3 Li ✡voye demwazèl li yo deyò,
li rele soti nan anlè wotè pwent vil yo:
4 “Pou sila ki ensanse a, kite li antre isit la!”
Pou sila ki ✡manke bon konprann nan, li di:
5 “Vin ✡manje manje mwen an,
e bwè diven ke m te melanje a.
6 Kite foli ou pou ou ka viv;
epi ✡avanse nan chemen bon konprann nan.”
 
7 Sila ki ✡korije yon mokè resevwa dezonè pou pwòp tèt li,
e sila ki repwoche yon nonm mechan
va resevwa ofans sou tèt li.
8 Pa repwoche yon mokè, sinon li va rayi ou;
✡repwoche yon nonm saj e li va renmen ou.
9 Bay konsèy a yon nonm saj e li va vin pi saj,
enstwi yon nonm dwat e li va ✡ogmante konesans li.
10 ✡Lakrent SENYÈ a se kòmansman a sajès
e konesans a Sila Ki Sen an se bon konprann.
11 Paske ✡pa mwen, jou ou yo va miltipliye,
e ane yo ap ogmante sou lavi ou.
12 Si ou saj, ou saj ✡pou pwòp tèt ou;
e si ou moke, ou pote sa a pou kont ou.
 
13 Fanm sòt ✡pale byen fò ak gwo vwa;
li bèt, e li pa konnen anyen.
14 Li chita devan pòtay lakay li,
sou yon chèz akote ✡wo plas vil yo.
15 Li rele sila ki pase yo,
ki ap fè chemen yo dwat yo:
16 ✡Sila ki pa konnen anyen an,
kite li antre isit la.
Pou sila ki manke konprann nan, li di:
17 “Dlo yo vòlè dous
e ✡pen ki manje an sekrè byen agreyab.”
18 Men mesye a pa konnen ke se la mò yo ye a.
Vizitè li yo la.
Yo nan fon Sejou mò yo.
✡ 9:1 Kol 3:9-10 ✡ 9:2 Mat 22:4 ✡ 9:3 Sòm 68:11 ✡ 9:4 Pwov 6:32 ✡ 9:5 Kan 5:1 ✡ 9:6 Éz 11:20 ✡ 9:7 Pwov 23:9 ✡ 9:8 Sòm 141:5 ✡ 9:9 Pwov 1:5 ✡ 9:10 Job 28:28 ✡ 9:11 Pwov 3:16 ✡ 9:12 Job 22:2 ✡ 9:13 Pwov 7:11 ✡ 9:14 Pwov 9:3 ✡ 9:16 Pwov 9:4 ✡ 9:17 Pwov 20:17