10
1 Pwovèb a Salomon yo.
Yon fis ki saj fè papa li kontan,
men yon fis ki plen ak foli
se yon gwo doulè pou manman l.
2 ✡Richès ranmase pa mechanste pa reyisi,
men ladwati delivre soti nan lanmò.
3 SENYÈ a p ap kite moun ladwati yo grangou,
men l ap rejte lanvi mechan an.
4 Malere se sila ki travay ak men lach;
men lamen moun dilijan an, anrichi.
5 Sila ki fè rekòlt nan gran sezon an,
se yon fis ki aji ak sajès;
men sila ki dòmi nan lè rekòlt la,
fè gwo wont.
6 Benediksyon se sou tèt a moun dwat la;
men ✡bouch mechan an kache vyolans.
7 Memwa a moun dwat la beni;
men ✡non mechan an vin pouri.
8 ✡Saj nan kè yo va resevwa lòd chèf la;
men yon moun fou ki pale anpil ap pèdi.
9 Sila ki mache ak entegrite a, mache an sekirite;
men sila ✡ki fè wout kwochi a va vin dekouvri.
10 Sila ✡ki bat zye a, koze pwoblèm,
e moun fou a ki pale anpil, fè dega.
11 ✡Bouch a moun dwat se yon fontèn dlo lavi,
men bouch a mechan an kache vyolans.
12 Rayisman pwovoke konfli;
men lanmou kouvri tout fot.
13 Sou ✡lèv a moun ki konn disène, nou twouve sajès;
men gen baton pou do a sila ki manke konprann nan.
14 Moun saj yo ranmase konesans;
men ak ✡bouch moun fou a, destriksyon an toupre.
15 Byen a moun rich se yon sitadèl pou li.
✡ Sa ki detwi malere a se mizè.
16 ✡Salè a moun dwat se lavi;
revni a mechan an se pinisyon.
17 Sila ki swiv enstriksyon an, ✡sou wout lavi;
men sila ki pa tande repwòch la vin egare nèt.
18 Sila ✡ki kache rayisman an gen lèv k ap bay manti;
e sila ki gaye difamasyon an se yon moun fou.
19 Lè gen anpil pawòl, transgresyon pa kab evite;
men ✡sila ki frennen lèv li gen sajès.
20 Lang a moun dwat yo se tankou ✡ajan pi chwazi a;
men kè a mechan an vo piti.
21 ✡Lèv a moun dwat yo fè anpil moun manje;
men moun fou yo mouri akoz mank bon konprann.
22 Benediksyon SENYÈ a fè moun rich;
konsa li pa mele ak chagren.
23 Fè mal se tankou fè spò pou moun san konprann nan;
e se konsa sajès la ye pou moun entèlijan an.
24 Sa ke mechan an pè a, ap rive sou li;
men ✡sa ke moun dwat la vle, va vin reyisi.
25 Lè toubiyon an fin pase, mechan an vin disparèt;
men moun dwat la gen yon fondasyon etènèl.
26 Tankou vinèg anba dan ak lafimen nan zye;
se konsa ✡parese a ye pou sila ki voye li yo.
27 ✡Lakrent SENYÈ a pwolonje lavi;
men lane mechan yo va kout.
28 Lespwa a moun dwat la se kè kontan;
men ✡entansyon mechan an va peri.
29 Chemen Bondye a se yon sitadèl pou moun dwat yo;
men ✡destriksyon nèt pou tout ouvriye inikite yo.
30 Moun ladwati a p ap janm souke;
men ✡mechan yo p ap demere nan peyi a.
31 ✡Bouch a moun dwat la koule ak sajès;
men lang pèvès la vin koupe.
32 Lèv a moun dwat yo fè parèt ✡sa ki bon;
men bouch a mechan an, sa ki pèvèti.
✡ 10:2 Sòm 49:7 ✡ 10:6 Pwov 10:11 ✡ 10:7 Sòm 9:5 ✡ 10:8 Pwov 9:8 ✡ 10:9 Pwov 26:6 ✡ 10:10 Sòm 35:19 ✡ 10:11 Sòm 37:30 ✡ 10:13 Pwov 10:31 ✡ 10:14 Pwov 10:8-10 ✡ 10:15 Pwov 19:7 ✡ 10:16 Pwov 11:18-19 ✡ 10:17 Pwov 6:23 ✡ 10:18 Pwov 26:24 ✡ 10:19 Pwov 17:27 ✡ 10:20 Pwov 8:19 ✡ 10:21 Pwov 10:11 ✡ 10:24 Sòm 145:19 ✡ 10:26 Pwov 26:6 ✡ 10:27 Pwov 3:2 ✡ 10:28 Job 8:13 ✡ 10:29 Pwov 21:15 ✡ 10:30 Pwov 2:22 ✡ 10:31 Sòm 37:30 ✡ 10:32 Ekl 12:10