8
1 Èske ✡sajès pa rele?
Èske bon konprann pa leve vwa li?
2 Anlè ✡wotè akote chemen yo, akote kafou wout yo;
la li pran pozisyon li.
3 Akote ✡pòtay yo, nan ouvèti vil la,
nan antre pòtay yo, li kriye fò:
4 Vè nou menm, O mesye yo, mwen rele!
Konsa, vwa m se pou fis a lòm yo.
5 O moun ensanse yo, vin aprann pridans!
✡Moun fou yo, vin konprann sajès!
6 Koute mwen, paske mwen va pale gwo bagay.
Lè lèv mwen louvri, ✡y ap devwale bagay ki kòrèk.
7 Paske ✡bouch mwen va eksprime verite;
epi mechanste vin abominab a lèv mwen.
8 Tout pawòl a bouch mwen yo dwat;
nanpwen anyen ✡kwochi oswa pèvès ladann yo.
9 Yo byen dwat pou sila ki konprann nan,
e kòrèk pou sila ki ✡jwenn konesans lan.
10 Pran ✡konsèy mwen olye ajan,
e konesans olye pi chwa nan lò pi.
11 Paske, sajès ✡pi bon ke bijou;
epi tout pi bèl bagay yo p ap kab konpare avè l.
 
12 Mwen se sajès. Mwen rete avèk bon konprann.
Konsa, mwen fè jwenn ✡konesans ak bon sans.
13 ✡Lakrent SENYÈ a se pou rayi mal,
ansanm ak ògèy, awogans, ak yon bouch pèvès.
14 ✡Konsèy ak bon sajès se pou mwen.
Entèlijans se non mwen. Pouvwa se pa m.
15 Akoz mwen, ✡wa yo vin renye;
e gouvènè yo fè dekrè lajistis.
16 Akoz mwen, prens ak nòb yo pran pouvwa;
tout moun ki fè jijman ki bon yo.
17 Mwen renmen sila ki renmen m yo.
✡Sila ki chache mwen ak dilijans yo va jwenn mwen.
18 ✡Richès ak lonè avè m;
richès k ap dire ak ladwati.
19 Fwi mwen ✡pi bon ke lò, menm lò pi.
Rannman mwen pi bon ke pi bèl ajan an.
20 Mwen mache nan ladwati,
nan mitan wout lajistis yo,
21 Pou m bay a sila ki renmen m, richès;
pou m kab ✡ranpli kès yo.
 
22 SENYÈ a te posede m ✡nan kòmansman travay pa Li;
menm avan zèv ansyen Li yo.
23 Depi nan etènite, mwen te etabli,
depi nan kòmansman, ✡depi nan tan pi ansyen mond lan.
24 Lè potko gen ✡pwofondè, mwen te fèt,
lè pa t gen sous ki t ap bonbade dlo yo.
25 ✡Avan mòn yo te poze, avan kolin yo,
mwen te fèt;
26 pandan li potko fè tè a ak chan yo,
ni premye grenn pousyè mond lan.
27 Lè Li te etabli syèl yo, mwen te la,
lè ✡Li te trase yon sèk won fas a pwofondè a,
28 lè Li te fè syèl yo anwo vin fèm,
lè sous nan fon yo te vin etabli,
29 lè Li te mete lizyè sou lanmè a pou dlo pa t vyole lòd Li,
lè Li te make tras ✡fondasyon tè a;
30 Nan tan sa a, mwen te akote Li,
yon mèt ouvriye; epi, mwen te fè L plezi tout lajounen
e te rejwi devan L tout tan,
31 Mwen t ap Rejwi nan mond Li a,
e fè ✡kè kontan nan fis a lòm yo.
 
32 “Alò, pou sa, fis yo, ✡koute mwen;
paske beni se sila ki kenbe chemen mwen yo.
33 ✡Koute lenstriksyon pou ou vin saj e pa neglije l.
34 ✡Beni se moun ki koute mwen an,
k ap veye chak jou nan pòtay mwen yo,
k ap veye kote poto pòt kay mwen an.
35 Paske sila ki twouve mwen an, jwenn lavi
e resevwa lonè devan SENYÈ a.
36 Men sila ki peche kont mwen an, fè pwòp tèt li mal;
tout sila ki rayi mwen yo, ✡renmen lanmò.”
✡ 8:1 Pwov 1:20-21 ✡ 8:2 Pwov 9:3-14 ✡ 8:3 Job 29:7 ✡ 8:5 Pwov 1:22-32 ✡ 8:6 Pwov 23:16 ✡ 8:7 Sòm 37:30 ✡ 8:8 Det 32:5 ✡ 8:9 Pwov 3:13 ✡ 8:10 Pwov 3:14-15 ✡ 8:11 Job 28:15-18 ✡ 8:12 Pwov 1:4 ✡ 8:13 Pwov 3:7 ✡ 8:14 Pwov 1:25 ✡ 8:15 II Kwo 1:10 ✡ 8:17 Pwov 2:4-5 ✡ 8:18 Pwov 3:16 ✡ 8:19 Job 28:15 ✡ 8:21 Pwov 24:4 ✡ 8:22 Job 28:26-28 ✡ 8:23 Jn 17:5 ✡ 8:24 Jen 1:2 ✡ 8:25 Job 15:7 ✡ 8:27 Job 26:10 ✡ 8:29 Job 38:6 ✡ 8:31 Sòm 16:3 ✡ 8:32 Pwov 5:7 ✡ 8:33 Pwov 4:1 ✡ 8:34 Pwov 3:13-18 ✡ 8:36 Pwov 21:6