23
1 Lè ou chita sou tab ak yon moun ki gouvènè,
konsidere byen sa ki devan ou.
2 Konsa, mete yon kouto sou gòj ou
si ou se yon ✡nonm ak gwo lanvi.
3 Pa dezire bon manje sa yo,
paske se yon repa desepsyon.
4 Pa fatige kò ou pou jwenn richès;
✡sispann reflechi sou sa.
5 Depi ou mete zye ou sou li, l ale.
Paske, anverite, ✡li gen zèl kon yon èg
k ap vole vè syèl yo.
6 Pa manje pen a yon ✡mesye ki chich,
ni anvi bèl bagay li;
7 paske jan li panse nan tèt li a, se konsa li ye.
Li di ou: “Manje e bwè!” Men ✡kè li pa avè w.
8 Ou va ✡vomi mòso ke ou te manje a
e gaspiye tout bèl pawòl ou yo.
 
9 ✡Pa pale nan zòrèy a moun sòt,
paske l ap meprize sajès a pawòl ou yo.
 
10 Pa deplase ansyen bòn nan,
ni ✡antre nan chan òfelen yo,
11 Paske ✡Redanmtè yo a pwisan.
Li va plede ka yo kont ou.
 
12 Aplike kè ou a disiplin
ak zòrèy ou a pawòl ki pote konesans.
13 ✡Pa ralanti disiplin sou yon timoun;
malgre ou frape li ak yon baton, li p ap mouri.
14 Ou va frape li ak baton
pou ✡delivre nanm li de sejou mò yo.
 
15 Fis mwen an, si kè ou ✡saj,
pwòp kè m va kontan tou.
16 Wi, jis anndan m va rejwi
lè lèv ou pale ✡sa ki dwat.
17 ✡Pa kite kè ou fè lanvi pechè yo,
men viv nan lakrent SENYÈ a tout tan.
18 Anverite, gen davni,
e ✡espwa ou p ap anile.
19 Koute, fis mwen an, vin saj
pou ✡dirije kè ou nan chemen an.
20 Pa bwè twòp diven,
ni fè ✡voras nan manje vyann;
21 paske sila ki ✡bwè twòp la ak moun voras la va vin pòv;
e dòmi nan zye a va fè l abiye ak vye twal chire.
22 ✡Koute papa ou ki te fè ou a,
e pa meprize manman ou lè l vin granmoun.
23 ✡Achte verite e pa vann li!
Ranmase sajès, enstriksyon ak bon konprann.
24 Papa a sila ki dwat la va rejwi anpil,
e ✡sila ki fè yon fis ki saj la va gen kè kontan nan li.
25 Kite ✡papa ou ak manman ou fè kè kontan;
kite fanm ki te fè ou a, rejwi.
26 Ban m kè ou, fis mwen an;
kite zye ou ✡fè kè kontan nan chemen mwen yo.
27 Paske yon pwostitiye se yon fòs byen fon,
e yon ✡fanm adiltè se yon ti pwi etwat.
28 Anverite, li ✡kache veye tankou vòlè,
pou l ogmante enfidelite pami lòm.
 
29 Se kilès ki gen ✡gwo pwoblèm?
Se kilès ki gen tristès?
Se kilès ki gen konfli?
Se kilès k ap plenyen?
Se kilès ki blese san rezon?
Se kilès ki gen zye wouj?
30 Sila ki ✡mize sou diven an,
sila ki ale goute diven mele an.
31 Pa gade diven an lè l wouj,
lè l fè klè nan tas la,
lè l ✡desann byen dous.
32 Nan dènye moman an, li ✡mòde tankou sèpan;
li brile tankou bouch koulèv.
33 Zye ou va wè bagay ki dwòl,
e panse ou va ✡twouble anpil.
34 Ou va tankou yon moun ki kouche nan mitan lanmè,
oswa tankou yon moun ki kouche sou ma batiman.
35 “Yo te frape m, men mwen pa t santi anyen!
Yo te bat mwen, men mwen pa t konnen sa!
Lè m leve, m ap ✡chache pou m kab bwè ankò.”
 
✡ 23:2 Pwov 23:20 ✡ 23:4 Pwov 3:5-7 ✡ 23:5 Pwov 27:24 ✡ 23:6 Det 15:9 ✡ 23:7 Pwov 26:24-25 ✡ 23:8 Pwov 25:16 ✡ 23:9 Mat 7:6 ✡ 23:10 Jr 22:3 ✡ 23:11 Job 19:25 ✡ 23:13 Pwov 13:24 ✡ 23:14 I Kor 5:5 ✡ 23:15 Pwov 23:24 ✡ 23:16 Pwov 8:6 ✡ 23:17 Sòm 37:1 ✡ 23:18 Sòm 9:18 ✡ 23:19 Pwov 4:23 ✡ 23:20 Det 21:20 ✡ 23:21 Pwov 21:17 ✡ 23:22 Pwov 1:8 ✡ 23:23 Pwov 4:7 ✡ 23:24 Pwov 10:1 ✡ 23:25 Pwov 27:11 ✡ 23:26 Sòm 1:2 ✡ 23:27 Pwov 5:20 ✡ 23:28 Pwov 6:26 ✡ 23:29 És 5:11-22 ✡ 23:30 I Sam 25:36 ✡ 23:31 Kan 7:9 ✡ 23:32 Job 20:16 ✡ 23:33 Pwov 2:12 ✡ 23:35 Pwov 26:11