24
1 Pa fè anvi a moun mechan,
ni dezire pou avèk yo;
2 paske panse yo fòmante vyolans
e lèv yo pale inikite.
3 Avèk sajès, kay la bati
e avèk bon konprann, li vin etabli.
4 Pa konesans, chanm yon moun vin
ranpli avèk tout bèl kalite richès.
5 Yon nonm saj byen fò,
e yon nonm ak konesans ogmante pouvwa li.
6 Paske ak konsèy saj ou va fè lagè,
e ak konseye an abondans, gen viktwa.
7 Sajès twò wo pou moun ensanse a;
li pa ouvri bouch li nan pòtay la.
8 Yon moun ki fè plan pou fè mal,
moun va rele li magouyè.
9 Fòmante foli se peche,
e mokè a abominab a tout moun.
10 Si ou lach nan jou gran pwoblèm nan, fòs ou pa fò.
11 Delivre sila k ap mennen vè lanmò a,
ak sila k ap mache tonbe vè labatwa a.
O, kenbe yo!
12 Si ou di: “Gade, nou pa t konnen sa”;
èske Li pa konsidere sa, sila ki peze kè?
Epi èske Li pa konnen sa, sila kap kenbe nanm ou an?
Èske Li p ap rann a lòm selon zèv li?
13 Fis mwen, manje siwo myèl, paske li bon;
wi, siwo sòti nan nich lan dous pou goute.
14 Konnen ke sajès se konsa pou nanm ou;
si ou twouve li, va gen yon avni, e espwa ou p ap anile.
15 Pa kouche mete pyèj, o lòm mechan,
kont kote ke moun dwat la rete a.
Pa detwi kote repo li a;
16 paske yon nonm ladwati tonbe sèt fwa e leve ankò,
men se nan lè gwo malè ke mechan an tonbe.
17 Pa rejwi lè lènmi ou tonbe.
Ni pa kite kè ou kontan lè l tonbe;
18 Oswa, SENYÈ a va wè l,
vin pa kontan e detounen kòlè Li de li.
19 Pa twouble tèt ou pou malveyan yo,
ni fè lanvi pou mechan yo,
20 paske pou yon nonm mechan, pa gen avni.
Lanp a mechan an va etenn nèt.
21 Fis mwen an, gen lakrent SENYÈ a ak wa a;
pa asosye ak sila ki pa stab yo,
22 paske, malè yo va leve vit.
Kilès ki konnen destriksyon an k ap sòti nan yo de a.
23 Sila yo, anplis, se pawòl a sajès:
Fè patipri nan jijman pa bon.
24 Sila ki di a mechan an: “Ou dwat”,
pèp yo va modi li e nasyon yo va rayi li;
25 men pou sila ki repwoche mechan yo,
l ap wale byen ak yo.
Bon benediksyon va tonbe sou yo.
26 Yon repons onèt tankou yon bo sou lèv yo.
27 Prepare tout travay ou a deyò;
byen prepare chan ou.
Apre, alò, bati kay ou.
28 Pa vin yon temwen kont vwazen ou san koz,
e pa bay manti ak lèv ou.
29 Pa di: “Se konsa mwen va fè l paske li te fè m konsa;
mwen va rann a nonm nan selon zèv li yo.”
30 Mwen te pase nan chan parese a;
akote chan rezen a nonm ki manke bon konprann nan.
31 Epi gade byen, li te plen ak raje pikan,
e kouvri ak move zèb,
Miray an wòch la te fin kraze nèt.
32 Lè m te wè, mwen te reflechi sou sa;
mwen te gade e m te resevwa enstriksyon.
33 “Yon ti dòmi, yon ti somèy,
yon ti pliye men pou repoze,”
34 Konsa mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vòlè;
ak bezwen tankou yon bandi ak zam.