22
1 Yon ✡bon non pi bon pase tout richès;
e favè Bondye, pase ajan ak lò.
2 Rich la ak malere a mare ansanm;
se SENYÈ a ki ✡ fè yo tout.
3 Sila ki ✡reflechi, wè mal e kache kò li;
men ensanse yo antre ladann e jwenn pinisyon.
4 Rekonpans pou imilite avèk lakrent SENYÈ a
se richès, bon repitasyon, ak lavi.
5 ✡Pikan ak pèlen se nan chemen a pèvès yo;
sila ki veye nanm li, va rete lwen yo.
6 ✡Leve yon timoun nan chemen li ta dwe ale,
e lè li vin gran, li p ap kite li;
menm lè l granmoun, li p ap kite li.
7 ✡Rich yo domine sou pòv yo,
e moun ki prete vin esklav a sila k ap bay prè a.
8 Sila ki ✡simen inikite a va rekòlte vanite;
e baton kòlè li a va detwi.
9 Sila ki ✡bay ak men louvri va beni;
paske li bay manje a malere.
10 ✡Mete moun k ap moke moun yo deyò,
e diskisyon an prale tou;
wi, konfli ak dezonore moun ap sispann.
11 Sila ki renmen ✡kè ki san tach
e ki pale ak gras, va zanmi a wa a.
12 Zye a SENYÈ a konsève konesans;
men Li boulvèse pawòl moun malveyan yo.
13 ✡Parese a di: “Gen yon lyon deyò a;
m ap mouri nan lari!”
14 Bouch a ✡fanm adiltè a se yon fòs byen fon;
sila ke SENYÈ a modi va tonbe ladann.
15 Foli mare nan kè a yon timoun;
baton disiplin nan va retire sa mete lwen li.
16 Sila ki oprime malere a pou ogmante tèt li;
ni sila k ap fè kado a rich yo, va rive nan povrete.
 
17 ✡Apiye zòrèy ou pou tande pawòl a saj yo;
epi aplike ou a konesans mwen.
18 Paske sa va ✡byen agreyab pou ou
si ou kenbe yo anndan ou, pou yo toujou prè sou lèv ou.
19 Pou ✡konfyans ou kapab nan SENYÈ a,
mwen te enstwi ou jodi a, menm ou menm nan.
20 Èske mwen pa t ekri ou trant ✡bèl bagay,
de konsèy ak konesans yo?
21 Pou fè ou ✡konnen vre pawòl verite yo,
pou ou kab byen reponn sila ki te voye ou a?
 
22 Pa vòlè malere a paske li pòv,
ni ✡kraze aflije nan pòtay la;
23 paske, SENYÈ a va ✡plede ka yo
e pran lavi a sila ki vòlè yo.
 
24 Pa asosye ak yon nonm ki livre a kòlè;
oswa ale ak yon ✡moun kolerik,
25 sinon, ou va ✡aprann mès li yo
e jwenn yon pèlen pou tèt ou.
26 Pa konte pami sila ki ✡sèvi kon garanti yo,
pami sila ki fè sekirite pou dèt yo.
27 Si ou pa gen mwayen pou ou kab peye,
poukisa ou ta kite l ✡rale kabann nan sòti anba ou?
 
28 ✡Pa deplase ansyen bòn
ke papa zansèt nou yo te mete a.
29 Èske ou wè yon nonm byen abil nan travay li?
Li va ✡kanpe devan wa yo;
li p ap oblije kanpe devan nenpòt kalite vye moun.
 
✡ 22:1 Pwov 10:7 ✡ 22:2 Job 31:15 ✡ 22:3 Pwov 14:16 ✡ 22:5 Pwov 15:19 ✡ 22:6 Ef 6:4 ✡ 22:7 Pwov 18:23 ✡ 22:8 Job 4:8 ✡ 22:9 Pwov 19:17 ✡ 22:10 Jen 21:9-10 ✡ 22:11 Sòm 24:4 ✡ 22:13 Pwov 26:13 ✡ 22:14 Pwov 21:16 ✡ 22:17 Pwov 5:1 ✡ 22:18 Pwov 2:10 ✡ 22:19 Pwov 3:5 ✡ 22:20 Pwov 8:6 ✡ 22:21 Luc 1:3-4 ✡ 22:22 Za 7:10 ✡ 22:23 I Sam 25:39 ✡ 22:24 Pwov 29:22 ✡ 22:25 I Kor 15:33 ✡ 22:26 Pwov 17:18 ✡ 22:27 Egz 22:26 ✡ 22:28 Det 19:14 ✡ 22:29 Jen 41:46