21
1 Kè a wa a se tankou kanal dlo nan men SENYÈ a;
Li ✡vire l kote Li vle.
2 Chemen a yon moun bon nan pwòp zye li;
men SENYÈ a ✡peze kè yo.
3 SENYÈ a pito ✡ladwati ak lajistis
plis pase sakrifis.
4 Zye ki leve wo ak kè ki plen ògèy;
✡lanp a mechan yo se peche.
5 Plan a ✡dilijan an mennen byen si, vè avantaj;
men tout moun ki aji san reflechi va, san dout, vin pòv.
6 Ranmase anpil byen ak lang k ap bay manti
se yon vapè k ap sove ale, k ap kouri dèyè lanmò.
7 Vyolans a mechan yo va trennen yo fè yo pati,
akoz yo ✡refize aji ak jistis.
8 Chemen a yon moun koupab ✡kwochi;
men pou sila ki san tach la, kondwit li dwat.
9 Li pi bon pou viv nan ti kwen sou twati a
pase nan yon kay ak yon fanm k ap fè kont tout tan.
10 Nanm a mechan an vle mal;
vwazen li an pa twouve gras nan zye l.
11 Lè ✡mokè a vin pini, moun san konprann nan vin saj;
men lè moun saj la enstwi, li resevwa konesans.
12 Lè sila ki dwat, pran an konsiderasyon kay mechan an,
✡afè mechan an vin detwi nèt.
13 Sila ki ✡fèmen zòrèy li a kri aflije a,
va vin kriye pou kont li, men li p ap jwenn ✡repons.
14 Yon ✡kado vèse an sekrè kalme fachez,
e yon anba tab ki glise rive, bese gwo kòlè.
15 Aplike lajistis se yon plezi pou moun dwat;
men se yon gwo laperèz pou malfektè inikite yo.
16 Yon nonm egare ki kite chemen bon konprann nan,
va jwenn repo nan asanble mò yo.
17 Sila ki ✡renmen plezi, va vin pòv;
sila ki renmen diven ak lwil, p ap janm rich.
18 Mechan an se yon ✡ranson pou moun dwat yo;
e sila ki fè trèt la pou sila ki kanpe dyanm.
19 ✡Li pi bon pou rete nan dezè
pase viv ak yon fanm k ap agase moun tout tan.
20 Gen bèl trezò ak lwil nan abitasyon a moun saj la;
men, moun san konprann nan ✡vale tout.
21 Sila ki ✡swiv ladwati ak fidelite a
jwenn lavi, ladwati ak lonè.
22 Yon ✡nonm saj monte sou miray vil pwisan,
e fè tonbe sitadèl la ki te bay yo konfyans.
23 Sila ki ✡veye bouch li ak lang li
pwoteje nanm li kont gwo twoub.
24 Ògèy, Monte Tèt Wo, Mokè;
men tit a sila ki aji nan ògèy ak ensolans yo.
25 Se ✡volonte a parese a ki fè l mouri,
paske men li refize travay;
26 Gen moun tout lajounen k ap anvi yon bagay,
pandan moun dwat yo ✡ ap vèse bay san rete.
27 Sakrifis mechan yo abominab;
se konbyen anplis, lè l pote ak movèz fwa.
28 Yon ✡fo temwen va peri;
men sila ki koute verite a va pale ak letènite.
29 Moun mechan an afiche yon figi brav;
men pou ✡moun ladwati a, chemen li an sèten.
30 ✡Nanpwen sajès, ni bon konprann, ni konsèy kont SENYÈ a.
31 Cheval la prepare pou jou batay la;
men ✡viktwa a se nan men SENYÈ a.
 
✡ 21:1 Esd 6:22 ✡ 21:2 Pwov 16:2 ✡ 21:3 I Sam 15:22 ✡ 21:4 Pwov 24:20 ✡ 21:5 Pwov 10:4 ✡ 21:7 Am 5:7 ✡ 21:8 Pwov 2:15 ✡ 21:11 Pwov 19:25 ✡ 21:12 Pwov 14:11 ✡ 21:13 Mat 18:30-34 ✡ 21:13 Jc 2:13 ✡ 21:14 Pwov 18:16 ✡ 21:17 Pwov 23:21 ✡ 21:18 És 43:3 ✡ 21:19 Pwov 21:9 ✡ 21:20 Job 20:15-18 ✡ 21:21 Pwov 15:9 ✡ 21:22 II Sam 5:6-9 ✡ 21:23 Pwov 12:13 ✡ 21:25 Pwov 13:4 ✡ 21:26 Sòm 37:26 ✡ 21:28 Pwov 19:5-9 ✡ 21:29 Sòm 119:5 ✡ 21:30 Jr 9:23 ✡ 21:31 Sòm 3:8