3
Malè a vil sanglan an! Li plen nèt ak manti ak piyaj. Viktim li yo san fen. Bri a fwèt la, bri a wou k ap sone sou wòch yo, cheval k ap galope yo ak cha k ap vòltije yo! Chevalye k ap kouri desann yo; nepe k ap klere yo, lans k ap briye tankou solèy yo. Anpil mò, yon gwo ma kadav, ak kò mouri san kontwòl— yo manke tonbe sou kadav mò yo! Tout sa akoz anpil aktivite a pwostitiye yo, sila ki vrèman byen pòtan yo, mètrès a gwo maji yo, ki vann nasyon yo nan pwostitisyon li yo, ak fanmi yo nan gwo wanga li konn fè yo. “Gade byen, Mwen vin kont ou”, deklare SENYÈ dèzame yo. Mwen va Leve jip ou jis rive nan figi ou pou montre a nasyon yo toutouni ou, pou wayòm yo wè wont ou. Mwen va jete bagay ki sal nèt sou ou, fè ou vin avili e fè ou vin espektak. Konsa, li va vin rive ke tout moun ki wè ou, yo va fè bak, e yo va di: “Men Ninive fin devaste nèt! Se kilès k ap fè dèy pou li? Se kibò pou m ta jwenn moun ki pou rekonfòte ou?”
Èske ou pi bon pase Nò Amon ki te pozisyone pami rivyè yo, ki te antoure ak dlo, ki te gen lanmè kon pwotèj li, e se lanmè ki te sèvi kon miray li? Se Éthiopie ki te pwisans li, ansanm ak Égypte ki te san limit. Puth ak Libie te pami soutyen ou yo. 10 Men li te pote ale; li te antre an kaptivite. Tout ti pitit li yo te vin kraze an mòso nan tèt tout ri yo. Yo te fè tiraj osò pou onorab li yo, e mesye pwisan li yo te mare nan chèn. 11 Ou menm tou va vin sou nèt. Ou va kache. Ou menm tou va chache yon kote pou ou kache akoz de ènmi an. 12 Tout gwo fò nou yo va tankou pye fig etranje ak fwi ki mi— lè yo sekwe yo, yo tonbe nan bouch a sila k ap manje yo a. 13 Gade byen, pèp ou a se fanm yo ye pami nou! Pòtay peyi ou yo vin ouvri byen laj bay lènmi ou yo. Dife fin devore baryè pòtay ou yo.
14  Rale dlo ou pou kont ou pou fè syèj la! Ranfòse fò ou yo! Antre nan ajil la, e foule mòtye a anba pye ou. Byen bati kay fou k ap fè brik yo fò! 15 La, dife sa menm va vin devore ou nèt. Nepe va koupe retire ou nèt. Li va devore ou tankou krikèt volan. Li va fè ou vin anpil tankou yon krikèt volan. Li va fè ou vin anpil tankou krikèt. 16 Ou fin ogmante machann ou yo plis pase zetwal syèl yo— krikèt volan ravaje, epi, konsa, li vole ale. 17  Gad nou yo tankou krikèt. Jandam nou yo tankou gwo lame krikèt volan k ap poze sou wòch nan jou fredi. Lè solèy la leve yo sove ale. Kote yo rive a, pèsòn pa konnen.
18 Bèje ou yo ap dòmi, O wa Assyrie. Prens ou yo kouche nèt. Pèp ou an vin gaye sou mòn yo, e nanpwen moun ki pou rasanble yo. 19 Nanpwen ti pansman pou sa k ap fè ou mal la. Blesi ou a p ap ka geri. Tout moun ki tande koze ou va bat men yo sou ou, paske kilès moun san rete, ki pa t resevwa nan mechanste ou?
3:1 Éz 2:6,9 3:2 Job 39:22-25 3:3 És 34:3 3:3 És 37:36 3:5 És 47:2,3 3:5 Éz 16:37 3:6 Job 30:8 3:6 És 14:16 3:7 És 51:19 3:8 Jr 46:25 3:9 Jr 46:9 3:9 II Kwo 12:3 3:10 És 19:4 3:11 És 2:10,19 3:12 Rev 6:13 3:12 És 28:4 3:13 És 45:1,2 3:14 II Kwo 32:3,4; Na 2:1 3:16 És 23:8 3:17 Rev 9:7 3:17 Jr 51:27 3:18 Sòm 76:5,6; I Wa 22:17 3:19 Jr 46:11 3:19 Jr 30:12