HABACUC
1
Pwofesi ke Habacuc, pwofèt la te wè. Pandan konbyen tan, O SENYÈ, mwen va kriye sekou e Ou pa tande? Mwen kriye a Ou menm, “Vyolans!” Men Ou pa delivre. Poukisa Ou fè m wè inikite, e Ou gade sou tout mechanste yo? Wi, se destriksyon ak vyolans ki devan mwen; gwo konfli ak kont k ap leve toupatou. Akoz sa, yo vin pa okipe yo de lalwa e jistis la pa janm avanse. Paske mechan yo vin antoure moun ladwati yo. Lajistis tòde nèt.
“Gade pami nasyon yo! Obsève byen! Se pou nou vin sezi e menm etone! Paske Mwen ap fè nan jou pa w yo, yon bagay ke ou pa t ap kwè, malgre ke ou ta tande l. Paske, gade byen, Mwen ap leve Kaldeyen yo, pèp fewòs e san kontwòl sa a, k ap mache sou tout tè a pou sezi kote ki pa pou yo. Yo plen tout moun ak gwo laperèz, ak lakrent. Jistis ak otorite pa yo sòti sèl nan yo menm. Chevalye yo pi vit ke leyopa, e pi vijilan ke lou lannwit. Chevalye yo vin galope. Chevalye yo sòti lwen. Yo vole tankou èg k ap plonje desann pou devore. Yo tout vini pou fè vyolans. Nan rega pa yo se an avan. Yo ranmase kaptif tankou sab. 10 Yo giyonnen wa yo e yo moke gouvènè yo. Yo pase tout bastyon yo nan tenten. Yo sanble ranblè tè yo e yo sezi yo. 11 Tankou van yo va vole pase, pou yo ale nèt. Yo vrèman koupab; yo mete fòs yo nan dye pa yo a.”
12 Èske se pa nan letènite Ou sòti, O SENYÈ, Bondye mwen an, Sila Ki Sen mwen an? Nou p ap mouri. Ou menm, O SENYÈ, Ou te dezinye yo pou jijman an. Ou menm, O Woche a, Ou te etabli yo pou pinisyon. 13 Zye Ou twò pafè pou gade mal, e Ou pa ka menm gade mechanste. Poukisa Ou sipòte sila ki trèt yo? Poukisa Ou rete an silans pandan mechan yo ap vale sila ki pi jis pase yo? 14 Poukisa kite yo fè lòm tankou pwason lanmè, tankou sila k ap trennen atè ki pa gen gouvènè sou yo? 15 Pou Kaldeyen yo, yo rale yo fè yo tout monte ak yon zen. Yo rale pote yo ale ak pèlen, e ranmase yo ansanm nan filè pwason. Se konsa y ap rejwi e fè kè kontan. 16 Tout sa, akoz yo ofri yon sakrifis a filè yo; yo brile lansan nan filè a; paske pa bagay sa yo, lavi a vin bon, e manje yo vin anpil. 17 Èske se konsa yap kontinye vide filè yo, e kontinye detwi nasyon yo san mizerikòd?
1:1 És 13:1 1:2 Sòm 13:1,2 1:2 Jr 14:9 1:3 Jr 20:8 1:3 Jr 15:10 1:4 Sòm 58:1,2; És 5:20 1:6 II Wa 24:2 1:6 Jr 8:10 1:7 És 18:2,7 1:7 Jr 39:5-9 1:8 Jr 4:13 1:8 So 3:3 1:9 II Wa 12:17 1:11 Jr 2:3 1:11 Jr 4:11 1:13 Sòm 50:21; Sòm 35:25 1:15 Jr 16:16 1:15 Sòm 10:9 1:17 És 14:5,6