2
Sila ki konn kaze brize a gen tan monte kont ou. Kenbe fò a! Veye chemen an! Ranfòse ren ou! Ranmase tout kouraj ou!
Paske SENYÈ a va restore tout glwa a Jacob, menm jan ak glwa Israël la, paske piyajè yo fin piyaje yo, e te rache branch rezen li yo.
Boukliye a mesye pwisan li yo vin wouj. Gèrye yo vin abiye an kramwazi. Cha yo klere an asye nan jou derape a. Lans an bwa pichpen yo vin parèt. Cha yo kouri fou nan lari. Yo sikile san kontwòl sou wout yo. Aparans yo tankou tòch, yo kouri patou tankou kout loray. Li rele gèye pi chwa li yo. Yo manke tonbe nan fòme yo. Yo prese rive nan miray la. Gwo barikàd syèj defans la fin prepare. Pòtay rivyè yo ouvri e palè a fin kraze nèt. Bagay la fin fèt; Ninive vin toutouni, li fin pote ale nèt. Sèvant li yo ap plenyen ak vwa toutrèl; y ap bat lestonmak yo. Men Ninive te tankou ti lak dlo depi lontan; malgre sa, y ap sove ale. “Rete, Rete”! Yo kriye fò, Men pèsòn pa gade dèyè. Pran piyaj ajan! Pran piyaj lò! Paske gen trezò san limit—gen valè nan tout bagay presye yo. 10 Li vin vid nèt! Wi, li vin dezole e gate. Kè yo ap fann e jenou yo si tèlman ap sekwe, youn bat lòt. Doulè ak laperèz domine tout kò a, e figi yo vin blèm! 11 Kote fòs lyon yo ye? Kote plas la tout jenn lyon yo te manje? Kote andwa a manman lyon an ak ti lyon an te konn mache? Plas la kote okenn pa t konn fè yo pè? 12 Lyon an te kon chire viktim yo an mòso ase pou manje ti lyon li yo. Li te touye pou manman lyon li yo. Li te plen kav li ak chè ki dechire e tanyè li ak viktim. 13 “Gade byen Mwen kont ou”, pale SENYÈ dèzame yo. “Mwen va brile cha lagè li yo nan lafimen. Nepe a va devore jenn lyon ou yo. Mwen va retire nan peyi a, tout chè nou te konn manje. Konsa, vwa mesaje nou yo p ap tande ankò.”
2:1 Jr 51:20-23 2:2 És 60:15 2:2 Sòm 80:12,13 2:3 Éz 23:14,15 2:4 És 66:15 2:5 Na 3:18 2:5 Jr 46:12 2:7 És 32:12 2:8 Jr 46:5 2:9 Rev 18:12,16 2:10 Sòm 22:14 2:10 Jl 2:6 2:13 Jr 21:13