8
Konsa, Bildad Schuach la, te reponn:
“Pou konbyen de tan ou va pale bagay sa yo
pou pawòl a bouch ou fè gwo van?
Èske Bondye konn konwonpi jistis la?
Oswa èske Toupwisan an konwonpi sa ki dwat?
Si fis ou yo te peche kont Li,
alò, Li livre yo antre nan pouvwa transgresyon yo.
Si ou ta chache Bondye e mande
konpasyon a Toupwisan an,
si ou te san tach e dwat;
anverite, koulye a,
Li ta leve Li menm pou ou e rekonpanse ou
jan ou te ye nan ladwati ou.
Malgre, kòmansman ou pa t remakab,
ou ta fini avèk anpil gwo bagay.
 
“Souple, fè rechèch nan jenerasyon zansèt ansyen yo,
e bay konsiderasyon a bagay ke papa yo te twouve.
Paske nou menm se sèl bagay ayè nou konnen,
e nou pa konnen anyen,
paske jou pa nou yo sou latè
se sèl yon lonbraj ki pase.
10 Èske yo p ap enstwi ou, pale ou e
fè pawòl ki nan tèt yo vin parèt?
 
11 “Èske jon kab grandi san ma dlo?
Èske wozo konn pouse san dlo?
12 Pandan li toujou vèt e san koupe a,
l ap fennen avan tout lòt plant yo.
13 Se konsa chemen a tout moun ki bliye Bondye yo.
Konsa espwa a moun enkwayan yo peri,
14 sila a ak konfyans frajil la
kap mete konfyans li nan fil arenye a.
15 Arenye a mete konfyans sou lakay li,
men li p ap kanpe.
Li kenbe rèd sou li, men li p ap dire.
16 Li byen reyisi nan solèy la e
gaye toupatou nan jaden an.
17 Rasin li yo vlope toupatou sou pil wòch;
li sezi yon kay wòch.
18 Si li vin deplase sou plas li,
alò plas li va refize rekonèt li e di:
“Mwen pa t janm wè w.
19 Gade byen, se sa ki fè lajwa chemen li;
epi dèyè li, gen lòt yo k ap pete sòti nan pousyè tè la.
 
20 “Alò, Bondye p ap rejte yon nonm entèg;
ni li p ap bay soutyen a malfektè yo.
21 Jiska prezan, Li va ranpli bouch ou
avèk ri lajwa e lèv ou avèk kri plezi.
22 Sila ki rayi ou yo va vin abiye ak wont
e tant a mechan yo p ap la ankò.”
8:2 Job 6:26 8:3 Jen 18:25 8:4 Job 1:5-19 8:5 Job 5:17-27 8:6 Job 22:27 8:7 Job 42:12 8:8 Det 4:32 8:9 Job 14:2 8:13 Sòm 9:17 8:14 És 59:5-6 8:15 Job 8:22 8:16 Sòm 37:35 8:18 Job 7:10 8:19 Job 20:5 8:20 Job 4:7 8:21 Job 5:22 8:22 Sòm 132:18