9
Konsa, Job te reponn. Li te di:
“Anverite, mwen konnen sa se vrè;
alò, kijan yon nonm kapab genyen dwa
devan Bondye?
Si yon moun te vle diskite avèk Li,
li pa t ap kab byen reponn li menm yon fwa nan mil.
Bondye saj nan kè e pwisan nan fòs;
se kilès ki konn reziste ak Li san donmaj?
Se Li Menm ki deplase mòn yo, ki jan yo pa menm konnen,
lè Li boulvèse yo nan fachez Li.
Li souke latè sòti nan plas li,
e fè pilye fondasyon li yo tranble.
Li kòmande solèy la pou l pa klere
e ki mete yon so sou zetwal yo.
Se Li menm sèl ki rale lonje syèl yo
e bese vag lanmè yo.
Li sèl ki fè sou syèl la gwo Ourse la ak Orion an,
avèk Pleiades yo, avèk chanm ki nan sid yo.
10 Li menm ki fè gwo bagay mèvèy yo,
avèk zèv mèvèy san kontwòl yo.
11 Si Li ta vin pase bò kote mwen, mwen pa t ap wè L.
Si Li ta depase m nan wout, mwen pa t ap apèsi L.
12 Gade byen, Li rache retire,
se kilès ki ka anpeche L?
Kilès ki ka di L: ‘Kisa w ap fè la a’?
 
13 “Bondye p ap detounen kòlè Li.
Anba Li, byen akwoupi, se asistan a Rahab yo.
14 Kijan mwen kab reponn Li,
e chwazi pwòp pawòl mwen yo devan L?
15 Paske malgre mwen te gen rezon,
mwen pa t kab reponn.
Mwen ta oblije mande gras a Jij mwen an.
16 Menmsi mwen te rele, e Li te reponn mwen,
mwen pa t ap kab kwè ke Li ta koute vwa m.
17 Paske Li fin brize m nèt ak yon tanpèt,
e ogmante blese mwen yo san koz.
18 Li pa lèse m pran souf,
men fè m debòde ak sa ki anmè.
19 Men pou pouvwa, men gade, se Li menm ki gen fòs!
Epi pou jistis, se kilès menm k ap voye
pwosè vèbal bay Li menm?
20 Malgre mwen dwat, bouch mwen ap kondane m;
malgre mwen san tò, Li va deklare m koupab.
21 Mwen inosan; mwen pa okipe mwen menm;
mwen rayi lavi m.
 
22 “Tout se menm bagay.
Akoz sa mwen di Li detwi inosan yo avèk koupab yo.’
23 Si frèt la vin touye sibitman,
l ap moke dezolasyon inosan an.
24 Ak lemonn nan ki sede nan men a mechan yo,
Li fin kouvri figi a jij latè yo.
Si se pa Li menm, eh byen se kilès?
 
25 “Alò, jou m yo vin pi rapid pase yon nonm k ap fè kous;
Yo kouri ale. Yo pa wè anyen ki bon.
26 Yo glise pase tankou kannòt k ap pase nan wozo,
tankou yon èg ki vole plonje sou viktim li.
27 Malgre mwen di ke m va bliye plent mwen,
ke m va kite figi tris la pou fè kè kontan,
28 mwen krent tout doulè mwen yo.
Mwen konnen ke Ou p ap bliye fot mwen yo.
29 Mwen gen tan fin jije koupab.
Konsa, poukisa mwen ta dwe fè fòs anven?
30 Si m ta lave m nèt ak lanèj,
e pwòpte men m ak savon lesiv ki fò,
31 malgre sa, Ou ta plonje mwen nan kanal la,
e pwòp rad mwen yo ta vin rayi m.
32 Paske Li pa yon nonm kon mwen, pou m ta reponn Li,
pou nou ta kab rive nan tribinal ansanm.
33 Nanpwen moun ki pou fè antant antre nou,
ki ta kab mete men l sou nou toulède.
34 Kite Li retire baton Li sou mwen,
e pa kite laperèz Li plen m ak gwo latèrè.
35 Konsa, mwen ta pale san fè laperèz devan L;
men mwen pa kab konsa pou kont mwen.”
 
9:2 Job 4:17 9:3 Job 10:2 9:4 II Kwo 13:2 9:6 És 2:19 9:6 Sòm 75:3 9:7 És 13:10 9:8 Sòm 104:2 9:9 Job 38:31-32 9:10 Job 5:9 9:11 Job 23:8-9 9:13 És 30:7 9:14 Job 9:3-32 9:15 Job 8:5 9:17 Job 16:12-14 9:18 Job 7:19 9:18 Job 13:26 9:19 Job 9:4 9:20 Job 9:29 9:21 Job 7:16 9:22 Job 10:7-8 9:23 Job 24:12 9:24 Job 10:3 9:24 Job 12:17 9:25 Job 7:6 9:26 És 18:2 9:26 Hab 1:8 9:27 Job 7:11 9:28 Job 7:21 9:29 Job 10:2 9:30 Jr 2:22 9:32 Ekl 6:10 9:32 Wo 9:20 9:33 Job 9:19 9:34 Job 13:21 9:35 Job 13:22