7
“Èske lòm pa oblije fè kòve sou latè?
Èske jou li yo pa tankou jou a yon ouvriye jounalye?
Tankou esklav ki rale souf pou rive nan lonbraj,
tankou jounalye k ap tann kòb li,
se konsa mwen jwenn mwa yo plen mizè,
e nwit plen ak gwo twoub k ap dezinyen pou mwen.
Lè m kouche mwen di: ‘Se kilè m ap leve?’
Men nwit lan kontinye; m ap vire tounen jis rive nan maten.
Chè m abiye ak vè ak kal ki fèt ak pousyè.
Po m vin di e li koule pij.
Jou m yo mache pi vit ke mach aparèy tise a.
Yo fini sanzespwa.
Sonje byen ke lavi m pa plis ke yon souf;
zye m p ap wè sa ki bon ankò.
Zye a sila ki wè m yo, p ap wè m ankò.
Zye Ou va sou mwen, men mwen p ap la ankò.
Jan yon nwaj vin disparèt, li ale nèt.
Konsa sila ki desann nan sejou lanmò a pa p monte ankò.
10 Li p ap retounen ankò lakay li,
ni plas li p ap rekonèt li ankò.
 
11 “Akoz sa a, mwen p ap met fren nan bouch mwen.
Mwen va pale nan doulè lespri m;
mwen va plenyen nan lespri anmè mwen.
12 Èske se lanmè mwen ye, oswa bèt jeyan lanmè a,
pou Ou te mete gad sou mwen?
13 Si mwen di: ‘Kabann mwen va ban m repo,
sofa m va soulaje plent mwen,’
14 answit, Ou fè m krent ak rèv,
e teworize m ak vizyon;
15 jiskaske nanm mwen ta chwazi mouri toufe;
pito lanmò olye doulè mwen yo.
16 Mwen fin epwize nèt;
mwen p ap viv tout tan.
Kite mwen sèl, paske jou mwen yo pa plis ke yon souf.
17  Kisa lòm ye pou Ou reflechi sou li
e pou Ou bay ka li enpòtans,
18 pou Ou fè l pase egzamen chak maten e
fè l pase eprèv chak moman?
19  Èske Ou p ap janm sispann gade m,
ni kite mwen anpè jiskaske m fin vale krache m?
20  Èske mwen te peche? Kisa mwen te fè Ou,
Ou menm, ki gadyen lòm?
Poukisa Ou te fè m objè tiraj Ou
jiskaske mwen vin yon fado pou pwòp tèt mwen?
21 Poukisa konsa Ou pa padone transgresyon mwen yo,
e retire inikite mwen yo?
Paske koulye a, mwen va kouche nan pousyè a;
Ou va chache pou mwen, men m p ap la ankò.”
7:1 Job 5:7 7:1 Job 14:6 7:3 Job 16:7 7:4 Det 28:67 7:5 Job 2:7 7:6 Job 9:25 7:6 Job 13:15 7:7 Sòm 78:39 7:7 Job 9:25 7:8 Job 8:18 7:8 Job 7:21 7:10 Job 8:18 7:11 Job 10:1 7:12 Éz 32:2-3 7:13 Job 7:4 7:17 Sòm 8:4 7:18 Job 14:3 7:19 Job 9:18 7:20 Job 35:3-6 7:20 Sòm 36:6 7:21 Job 9:28