4
Konsa, Éliphaz, Temanit lan te reponn;
Si yon moun ta eseye pale yon mo avèk ou,
èske ou va pèdi pasyans?
Men se kilès ki kab refize pale?
Gade byen, ou te enstwi anpil lòt moun;
ou te ranfòse menm fèb yo.
Pawòl ou yo te ede fèb yo kanpe,
e ou te ranfòse jenou ki manke fòs yo.
Men koulye a, se sou ou sa rive,
e ou pa gen pasyans.
Sa touche ou menm e ou vin dekouraje nèt.
Èske se pa lakrent Bondye pa ou ki konfyans ou,
ak entegrite chemen ou yo ki espwa ou?
 
“Sonje byen se kilès ki kon peri inosan?
Oswa ki kote ou wè moun ladwati yo te detwi?
Selon sa ke mwen menm te wè, sila ki raboure inikite yo,
ak sila ki simen twoub yo, yo rekòlte li.
Pa souf Bondye, yo peri,
e pa van chalè Li, yo fini nèt.
10  Gwo vwa a lyon fewòs la,
vwa fewòs a lyon an,
e dan a jenn lyon yo fin kase.
11  Pi gran lyon an peri paske li manke manje,
e pitit li yo vin gaye.
 
12 “Alò, an kachèt yon pawòl rive sou mwen;
zòrèy mwen te resevwa yon ti souf li.
13 Pami refleksyon enkyetan ki sòti nan vizyon lannwit yo,
lè dòmi pwofon tonbe sou moun,
14 laperèz te vini sou mwen.
Mwen te tranble e zo m yo te souke.
15 Konsa, yon lespri te pase kote figi mwen;
plim sou chè mwen, te kanpe sou kò m.
16 Li te kanpe an plas, men mwen pa t kab distenge aparans li.
Yon fòm te devan zye m.
Te gen silans, epi mwen te tande yon vwa:
17 'Èske lòm kapab jis devan Bondye?
Èske yon nonm kapab san tach devan Sila ki fè l la?
18 Menm nan sèvitè Li yo, Li pa mete konfyans;
ak pwòp zanj Li yo, Li jwenn fot.
19 Konbyen anplis, pou sila ki rete nan kay fèt an ajil yo,
ki gen pousyè kon fondasyon,
ki vin kraze devan papiyon!
20  Antre maten ak aswè, yo vin kase an mòso;
san yo pa wè anyen, yo peri nèt.
21 Èske kòd soutyen tant yo pa plwaye pa anndan?
Yo mouri konsa, san sajès.'
4:2 Job 32:18-20 4:3 Job 4:3-4 4:5 Job 6:4 4:6 Job 1:1 4:7 Job 36:6-7 4:8 Os 10:13 4:9 És 11:4 4:10 Job 5:15 4:11 Job 29:17 4:12 Job 26:14 4:13 Job 33:15 4:17 Job 9:2 4:18 Job 15:15 4:19 Jen 2:7 4:20 Job 14:2 4:21 Job 8:22