3
1 Lè l fini, Job te ouvri bouch li e te modi jou li te fèt la. 2 Job te di:
3 ✡“Kite jou ke m te dwe fèt la peri,
ak nwit ki te anonse ‘se yon gason ki fèt la.’
4 Ke jou sa a kapab vin fènwa nèt.
Pa kite Bondye anwo a pran swen li,
ni limyè vin klere sou li.
5 Kite ✡fènwa avèk gwo tenèb reklame li.
Kite fènwa jou sa a modi li.
6 Selon nwit sa a, kite tenèb sezi li.
Kite li pa gen rejwisans nan jou ane a.
Kite li pa antre nan chif ki konte mwa yo.
7 Koute byen, kite nwit sa a rete esteril.
Pa kite okenn kri lajwa antre ladann.
8 Kite sila ki konn modi jou yo modi jou sa a,
sila ki prè pou fè Levyatan ✡leve kò l.
9 Kite zetwal lannwit li yo vin etenn.
Kite li espere limyè, men pa twouve l.
E kite li pa wè maten vin parèt,
10 akoz li pa t fèmen ouvèti vant manman m,
ni kache twoub devan zye m.
 
11 ✡“Poukisa mwen pa t mouri lè m te fèt?
Sòti nan vant li e mouri la menm?
12 Poukisa jenou yo te resevwa m, e poukisa tete a, pou m ta pran?
13 Paske koulye a mwen ✡t ap gen tan kouche pou m jwenn lapè;
mwen t ap dòmi depi lè sa a e mwen t ap twouve repo,
14 ansanm ak ✡wa ak konseye latè
ki te rebati ansyen mazi yo pou kont yo;
15 oswa avèk prens ✡ki te gen lò yo,
ki t ap plen lakay yo ak ajan;
16 Oswa kon yon fòs kouch ki kache, mwen pa t ap egziste,
kon yon pitit ki pa t janm wè limyè.
17 La, mechan yo sispann fè laraj,
e la moun fatige yo jwenn ✡repo.
18 Prizonye yo alèz ansanm.
Yo p ap tande vwa a sipèvizè a.
19 Ni piti, ni gran yo la.
E esklav la lib de mèt li.
 
20 “Poukisa ✡limyè bay a sila ki soufri a,
e lavi a nanm anmè a,
21 ki ✡anvi wè lanmò, men nanpwen,
e fouye plis pou twouve li pase trezò kache,
22 ki rejwi anpil e fè lwanj lè yo rive nan tonbo a?
23 Poukisa limyè bay a yon nonm ✡ak chemen an kache a,
ke Bondye te jennen tout kote a?
24 Paske ✡soupi mwen yo parèt menm moman
manje a rive devan zye m.
Epi kri mwen yo vide tankou dlo.
25 Paske ✡sa m krent lan te vini sou mwen.
Sa ke m pa vle wè a te tonbe sou mwen.
26 ✡Mwen pa alèz, ni mwen pa anpè.
Mwen pa jwenn repo,
ni m pa kalm,
men se boulvèsman ki vin parèt.”
✡ 3:3 Jr 20:14-18 ✡ 3:5 Jr 13:16 ✡ 3:8 Job 41:1-25 ✡ 3:11 Job 10:18-19 ✡ 3:13 Job 3:13-19 ✡ 3:14 Job 12:18 ✡ 3:15 Job 27:16-17 ✡ 3:17 Job 17:6 ✡ 3:20 Jr 20:18 ✡ 3:21 Rev 9:6 ✡ 3:23 Job 19:6-12 ✡ 3:24 Job 6:7 ✡ 3:25 Job 9:28 ✡ 3:26 Job 7:13-14