5
“Rele koulye a; èske gen moun ki pou reponn?
A kilès nan sen fidèl yo ke ou va vire?
Paske rankin va touye moun ki plen foli,
e jalouzi va touye moun senp lan.
Mwen te wè moun san konprann ki t ap pran rasin,
e byen vit, mwen te denonse kay li.
Fis li yo pa jwenn sekirite ditou;
menm nan pòtay la, yo oprime,
ni pa gen moun pou delivre yo.
Moun grangou yo devore rekòlt li,
e mennen l yon kote plen pikan.
Epi pelen an rete ovèt pou sezi tout byen yo.
Paske malè pa sòti nan pousyè,
ni gwo twoub pa pouse soti nan tè;
paske lòm fèt pou gwo twoub,
tankou etensèl dife vole anlè.
 
“Men pou mwen, mwen ta chache Bondye,
pou m ta plede kòz mwen devan Bondye.
Bondye Ki konn fè gwo bagay ki depase konesans lan;
mèvèy ki pa kab menm konte yo.
10 Li bay lapli sou tè a,
e voye dlo sou chan yo,
11 Jiskaske Li leve sila ki enb yo,
e sila ki an dèy yo, li leve bay sekou.
12 Li anile manèv a sila ki gen riz yo
pou men yo pa reyisi.
13 Li kaptire saj yo nan pwòp riz pa yo,
e konsèy a moun k ap twonpe moun nan
vin kontrekare byen vit.
14 Nan gwo lajounen, yo jwenn ak tenèb,
e yo egare gwo midi tankou se te lannwit.
15 Men li sove yo de nepe a pwop bouch yo,
e menm malere a chape nan men pwisan an.
16 Akoz sa, sila ki san sekou a gen espwa,
e inikite oblije pe bouch li.
 
17 “Gade byen kijan nonm
ke Bondye bay chatiman an gen kè kontan.
Konsa, pa meprize disiplin Toupwisan an.
18 Paske se Li menm ki blese,
e se Li menm ki retire blesè a;
Li fè donmaj la, e pwòp men L ki geri l.
19 Soti sis fwa, Li va delivre ou de twoub ou yo;
Menm nan sèt fwa, mal la p ap kab touche ou.
20 Nan gwo grangou Li va delivre ou devan lanmò,
e nan lagè, devan pouvwa nepe a.
21 Ou va pwoteje devan blese a lang lan,
e ou p ap pè vyolans lan lè l vin parèt.
22 Ou va ri devan vyolans ak grangou,
e ou p ap pè bèt sovaj yo.
23 Paske ou va fè alyans ak wòch chan yo,
e bèt sovaj yo va anpè avèk ou.
24 Ou va konnen ke tant ou an pwoteje,
paske ou va vizite lakay ou san krent ni pèt.
25 Anplis, ou va konnen ke desandan ou yo va anpil,
e sila ki sòti nan ou yo anpil tankou zèb latè.
26 Ou va rive nan tonbo a ak tout fòs ou,
tankou gwo sak ble nan sezon li.
27 Gade sa byen; nou te fè ankèt li, e se konsa li ye.
Tande sa e konnen l pou kont ou.”
5:1 Job 15:15 5:2 Pwov 12:16 5:3 Jr 12:2 5:4 Job 4:11 5:5 Job 18:8-10 5:6 Job 15:35 5:7 Job 14:1 5:8 Job 13:2-3 5:10 Job 36:27-29 5:11 Job 22:29 5:12 Sòm 33:10 5:13 Job 37:24 5:14 Job 12:25 5:15 Job 4:11 5:16 Sòm 107:42 5:17 Eb 12:5-11 5:18 És 30:28 5:20 Sòm 144:10 5:21 Sòm 91:5-6 5:22 Job 8:21 5:23 És 11:6-9 5:24 Job 8:6 5:25 Sòm 112:2 5:25 És 44:3-4 5:26 Job 42:17