39
“Èske ou konnen lè kabrit mòn yo fè pitit?
Èske ou konn wè lè sèf yo metba?
Èske ou kab kontwole mwa ke yo rete plenn yo,
oswa èske ou konnen lè yo fè pitit?
Yo bese a jenou, yo pouse fè pitit yo parèt,
yo fòse fè doulè yo fini nèt.
Pitit yo vin fò, yo grandi nan chan lib;
yo ale e yo pa retounen kote yo.
 
“Se kilès ki te fè bourik mawon yo vin lib?
Epi kilès ki te lache kòd ki te mare sou bourik kous la,
ke Mwen te bay savann nan kon abitasyon li,
ak tè sale a kon kote pou l rete a?
Li pa bay valè a zen lavil la;
kri a chofè yo, li pa okipe yo.
Li chache nan tout mòn yo pou manje l
e chache jwenn tout sa ki vèt.
 
“Èske bèf mawon va dakò pou sèvi ou,
oswa èske l ap pase nwit lan devan manjwa ou?
10 Èske ou kab mare bèf mawon a ak kòd pou l
rete nan ranp li, oswa èske l ap boulvèse jaden an dèyè w?
11 Èske ou va fè l konfyans akoz gran fòs li,
e kite l responsab travay ou?
12 Èske ou va mete lafwa ou nan li pou li pote semans lakay,
o ranmase seryel sou glasi vannen an?
 
13 “Zèl a otrich yo bat anlè ak gran jwa,
men èske se plimaj lanmou?
14 Veye byen, li abandone pwòp ze li yo sou latè a
pou yo ka chofe yo nan pousyè,
15 Li bliye yon grenn pye ka kraze yo,
oswa yon bèt sovaj kab foule yo.
16 Li maltrete pitit li yo ak mechanste, konsi yo pa t pou li;
menm si tout travay li ta an ven, sa pa regade l;
17 Akoz Bondye te fè li bliye sajès li,
e pa t bay li yon pòsyon bon konprann.
18 Lè l leve kò l anlè, li giyonnen cheval la ak chevalye a.
 
19 Èske se ou ki te bay cheval la fòs?
Èske ou te abiye kou li ak krenyen?
20 Èske ou fè l vòltije tankou yon krikèt?
Gran souf ki sòti nan nen l byen etonnan.
21 Pye li fouye tè a nan vale a, e li kontan fòs li.
Li sòti parèt pou rankontre zam yo.
22 Li ri sou danje, ni li pa gen lakrent.
Li pa vire fè bak devan nepe;
23 fouwo soukwe akote l,
lans k ap briye a, ak gwo frenn nan.
24 Byen anraje e tranblan, li fè kous sou tè a,
e li p ap kanpe lè vwa twonpèt la sone.
25 Depi twonpèt la sone li di: ‘Aha!’
Soti lwen, li pran sant batay la, tonnè a kapitèn yo ak kri gè a.
 
26 Èske se pa bon konprann ou ke malfini an
konn vole anlè, avèk zèl li lonje vè sid?
27 Èske se pa kòmand pa ou ke èg la monte wo
pou fè nich li nan wotè?
28 Anwo sou falèz la, li rete e fè abitasyon li,
sou kwen wòch yon kote ki pa kab pwoche.
29 Se la li veye manje li;
zye li wè l soti lwen.
30 Pitit li yo, anplis, konn souse san;
epi kote mò yo ye; se la li ye.”
 
39:1 Sòm 29:9 39:5 Job 6:5 39:6 Jr 2:24 39:9 Sòm 22:21 39:16 Lam 4:3 39:20 Jr 8:16 39:21 Jr 8:6 39:27 Jr 49:16 39:29 Job 9:26 39:30 Mat 24:28