38
Konsa, Bondye te reponn Job nan van toubiyon an:
Se kilès sa a ki twouble konsèy Mwen an
ak pawòl san konesans yo?
Alò, mare senti ou tankou gason,
M ap mande ou e ou va enstwi M!
 
“Kote ou te ye lè M te poze fondasyon mond lan?
Pale si ou gen bon konprann,
Se kilès ki te etabli mezi li? Konsi ou konnen?
Oswa se kilès ki te lonje lign sou li?
Sou kilès baz li yo te fonse?
Oswa se kilès ki te poze ang prensipal li a,
lè zetwal maten yo te chante ansanm,
e tout fis Bondye yo te rele fò ak gran jwa?
 
“Oswa se kilès ki te delimite lanmè a ak pòt yo,
lè l te pete sòti nan vant lemonn nan;
lè M te fè yon nwaj sèvi vètman li
e fènwa byen pwès kon rad anfans li,
10 epi Mwen te plase lizyè sou li,
e te kadnase pòt li yo,
11 lè Mwen te di: ‘Men la, ou va rive e pa plis;
men la vag ògèy ou va rete’?
 
12 “Èske pandan tout vi ou, ou te pase lòd pou maten rive,
e fè solèy granmaten an konnen plas li,
13 pou l ta kenbe mechan yo sou pwent latè
e souke l nèt pou yo sòti ladann?
14 Li vin chanje tankou ajil anba yon so;
epi prezante la tankou yon abiman.
15  Sou mechan yo, limyè yo retire
e bwa souleve a vin kase.
 
16 “Èske ou konn antre nan sous lanmè yo,
oswa mache nan fon pwofondè a?
17 Èske pòtay lanmò yo te konn vin vizib a ou menm?
Oswa èske ou konn wè pòtay lonbraj lanmò yo?
18 Èske ou te konprann gwosè ak lajè tout tè a?
Di M si ou konnen tout sa a.
 
19 “Kote chemen an ye pou rive nan abitasyon limyè a?
Epi tenèb la, kote landwa li,
20 pou ou ta mennen li nan limit li,
pou ou ta kab konprann chemen pou rive lakay li?
21 Fòk ou konnen paske ou te fèt avan sa,
e kantite jou ou yo vast!
22 Èske ou konn antre nan kay depo nèj yo,
oswa èske ou konn wè kay depo pou lagrèl yo,
23 ke M te rezève pou tan twoub la,
pou jou lagè ak batay la?
24 Kote chemen a ki pou fè loray divize a
oswa ki kote van lès la te gaye sou tè a?
 
25 “Se kilès ki te kreve yon kanal pou gran inondasyon an,
oswa yon chemen pou eklè ak tonnè a,
26 Pou mennen lapli nan yon teren kote nanpwen moun,
nan yon dezè san pèsòn ladann,
27 Pou satisfè yon peyi savann dezole
e fè grenn zèb yo vin jèmen.
28 Èske lapli gen papa?
Oswa se kilès ki te reyisi fè gout lawouze yo?
29 Nan ki vant manman a sila glas la te sòti?
Epi fredi syèl la, se kilès ki te fè nesans li?
30 Dlo vin di tankou wòch
e sifas pwofondè a vin prizonye ladann.
 
31 “Èske ou konn mare chenn zetwal Pleiades yo,
oswa lage kòd zetwal Orion yo?
32 Èske ou kab mennen fè parèt tout sign Zodyak yo nan sezon yo,
oswa gide zetwal Gran Lous la ak pitit li yo?
33 Èske ou konnen tout règleman syèl la,
oswa èske ou kab etabli règleman pa yo sou tè a?
34 Èske ou kab leve vwa ou rive nan nwaj yo,
pou fè gwo kantite dlo vin kouvri ou?
35 Èske ou kab voye ekleraj yo pou yo rive di ou: ‘Men nou isit la’?
36 Se kilès ki te mete sajès nan kè lòm,
oswa te bay bon konprann nan panse a?
37 Se kilès ki kab konte nwaj yo ak sajès,
oswa vide gwo krich dlo syèl yo,
38 Pou pousyè a vin di nan yon gwo ma dlo
e bòl tè yo vin kole ansanm?
 
39 “Èske ou kab fè lachas pou bay lyon an manje,
oswa satisfè apeti a jenn ti lyon yo,
40 Lè yo kouche nan kav pa yo
e kouche tann pèlen bò lakay yo?
41 Se kilès ki prepare manje pou kòbo a
lè pitit li rele kote Bondye e mache gaye grangou?
 
38:1 Job 40:6 38:2 Job 35:16 38:3 Job 42:4 38:4 Sòm 104:5 38:5 Pwov 8:29 38:6 Job 26:7 38:7 Job 1:6 38:8 Sòm 104:6-9 38:10 Pwov 8:29 38:13 Job 34:25-26 38:15 Job 5:14 38:17 Job 10:21 38:18 Job 28:24 38:20 Job 26:10 38:21 Job 15:7 38:22 Job 37:6 38:24 Job 26:10 38:26 Job 36:27 38:27 Sòm 104:13-14 38:29 Job 37:10 38:31 Job 9:9 38:33 Sòm 148:6 38:34 Job 22:11 38:35 Job 36:32 38:36 Sòm 51:6 38:36 Job 32:8 38:37 Job 38:34 38:39 Sòm 104:21 38:40 Job 37:8 38:41 Sòm 147:9