40
Anplis, SENYÈ a te di a Job:
“Èske li k ap jwenn fot va fè kont ak Tou Pwisan an?
Kite li ki repwòche Bondye reponn sa.”
Konsa, Job te reponn SENYÈ a. Li te di:
“Anverite, mwen pa anyen; ki repons mwen kab bay Ou?
Mwen poze men m sou bouch mwen.
Yon fwa mwen te pale e mwen pa p replike l;
menm de fwa, men m pap wale pi lwen.”
 
Konsa, SENYÈ a te reponn nan mitan toubiyon an. Li te di:
Alò, mare senti ou kon gason;
Mwen va mande ou yon bagay, e ou va enstwi M.
Èske anverite ou va anile jijman Mwen an?
Èske ou va kondane Mwen pou ou menm kab jistifye?
Oswa èske ou gen yon bra tankou Bondye,
ak yon vwa ki ka gwonde tankou pa L la?
10  Abiye ou menm ak mayifisans ak grandè.
Mete sou ou lonè ak laglwa.
11 Vide fè parèt nèt tout lakòlè k ap debòde nan ou.
Fè yon ti gade sou tout sila ki gen ògèy yo, e desann yo.
12 Fè rega sou tout sila ki gen ògèy yo, e fè yo bese, vin ba.
Foule mechan yo nèt kote yo kanpe.
13  Kache yo ansanm nan pousyè a.
Mare figi yo nan plas kache a.
14 Epi konsa M ap konfese a ou menm
ke se pwòp men dwat ou ki kab sove ou.
15 Gade byen Beyemòt la ke M te fè
menm tankou Mwen te fè w la;
Li manje zèb tankou bèf.
16 Gade koulye a, fòs li nan ren li,
e pouvwa li nan gwo venn a vant li yo.
17 Li koube ke li tankou yon sèd;
venn nan kwis li yo koude ansanm nèt.
18 Zo li se tiyo ki fèt an bwonz;
janm li tankou ba fè.
19 Li se premye nan chemen Bondye a;
fòk se Sila ki fè l la, ki pou pwoche nepe li.
20 Anverite, mòn yo mennen bay li manje
kote tout bèt sovaj latè yo jwe.
21 Anba zèb dlo, li kouche;
nan kouvèti wozo a ak marekaj la.
22 Plant dlo yo kouvri li ak lonbraj;
bwa sikrèn k ap koule dlo a antoure li.
23 Lè rivyè a vin anraje, li pa twouble;
li gen konfyans malgre Jourdain an rive jis nan bouch li.
24 Èske gen moun ki kab kaptire li lè l ap veye;
menm ak pwent anfè, èske yon moun kab pèse nen l?
40:2 És 45:9 40:4 Job 21:5 40:5 Job 9:3-15 40:6 Job 38:1 40:7 Job 38:3 40:9 Job 37:5 40:10 Sòm 93:1 40:11 És 42:25 40:12 I Sam 2:7 40:13 És 2:10-12 40:15 Job 40:19 40:19 Job 41:33 40:20 Sòm 104:14 40:23 Jen 13:10