35
Konsa, Élihu te kontinye. Li te di:
“Èske ou sipoze ke ou ge dwa sa a?
Èske ou ap di ‘Ladwati pa m nan depase sa k nan Bondye a?’
Paske ou mande: ‘Ki avantaj sa ye pou ou?
Ki pwofi m ap jwenn ki plis pase si m te fè peche?’
Mwen va reponn ou,
menm ak zanmi ou yo tou.
Gade nan syèl yo pou wè;
epi gade byen nan nwaj yo.
Yo pi wo pase ou.
Si ou te peche, kisa ou akonpli kont Li?
Epi si transgresyon ou yo anpil, kisa ou fè Li?
Si ou jis, kisa ou ba Li, oswa kisa Li ta jwenn nan men ou?
Mechanste ou ka donmaje yon nonm tankou ou menm,
e ladwati ou gen benefis pou yon fis a lòm.
 
“Akoz fòs kantite opresyon yo, yo kriye fò.
Yo kriye pou sekou akoz bra a pwisan an.
10 Men pèsòn pa di: ‘Kote Bondye, Kreyatè mwen an,
ki bay chan kè kontan yo pandan nwit lan,
11 ki enstwi nou plis pase bèt latè yo,
pou fè nou vin pi saj pase zwazo nan syèl yo?’
12 La, yo kriye fò, men nanpwen repons
akoz ògèy moun mechan yo.
13 Anverite, Bondye p ap koute yon kri ki vid,
ni Toupwisan an p ap okipe l.
14 Konbyen anmwens, lè ou di ou pa wè Li.
Ka a pase devan L, e fòk se Li ou tann!
15 Men koulye a, akoz Li pa t fè vizit nan kòlè Li,
ni Li pa t apresye awogans,
16 pou sa, Job ouvri bouch li an ven;
li ogmante pawòl li yo san konesans.”
 
35:2 Job 27:2 35:3 Job 9:30-31 35:5 Jen 15:5 35:6 Pwov 8:36 35:7 Luc 17:10 35:9 Egz 2:23 35:10 Job 21:14 35:11 Sòm 94:12 35:12 Pwov 1:28 35:13 Jr 11:11 35:14 Job 31:35 35:16 Job 34:35