34
Alò, Élihu te kontinye. Li te di:
“Koute pawòl mwen yo, sila ki saj pami nou.
Koute mwen, nou menm ki gen konesans.
Paske zòrèy la fè prèv pawòl yo,
jan bouch la goute manje a.
Kite nou chwazi pou nou menm sa ki dwat;
kite nou konnen pami nou menm sa ki bon.
Paske Job te di: ‘Mwen dwat, men
Bondye te rache dwa mwen an;
èske mwen ta dwe manti selon dwa m?
Blese m se san gerizon, san ke m pa fè transgresyon.’
Se kilès ki tankou Job,
k ap bwè giyonnen moun tankou se dlo,
ki ale kenbe konpanyen ak sila ki fè inikite yo,
e mache avèk moun malveyan yo?
Paske li te di: ‘Sa pa fè okenn avantaj pou moun
lè l pran plezi li nan Bondye.’
 
10 “Pou sa, koute mwen, nou menm ki gen bon konprann.
Fòk se lwen pou Bondye ta fè mechanste,
e pou Toupwisan an fè mal.
11 Paske Li rekonpanse lòm selon zèv li yo,
e fè li jwenn selon chemen li.
12 Anverite, Bondye p ap aji avèk mechanste,
ni Toupwisan an p ap fè jistis vin konwonpi.
13 Se kilès ki te bay Li otorite sou latè?
Epi se kilès ki te poze responsabilite tout mond lan sou Li?
14 Si Li ta pran desizyon pou Li fè; si Li ta ranmase tout a Li menm
pwòp lespri Li a, menm ak souf Li a,
15 Tout chè ta peri ansanm,
e lòm ta retounen nan pousyè.
 
16 “Men si gen moun bon konprann, koute sa a;
koute vwa pawòl mwen yo.
17 Èske menm yon moun ki rayi jistis ta dwe renye?
Èske ou va kondane Sila ki dwat e pwisan an,
18 ka p di a yon wa: ‘Sanzave’,
a prens yo: ‘Nou mechan’;
19 Ki p ap montre patipri a prens yo,
ni rich yo kon pi enpòtan ke pòv,
paske tout moun se zèv a men Li ke yo ye.
20 Nan yon moman, yo mouri;
epi nan mitan lannwit, yon pèp vin etone.
Pwisan yo disparèt.
Yo retire san yon men leve.
 
21 “Paske zye Li sou chemen a yon nonm.
Li wè tout pa li fè.
22 Nanpwen fènwa, ni lonbraj fonse
kote malfektè inikite yo kab kache kò yo.
23 Paske Li pa bezwen obsève yon nonm anpil
pou li ta dwe pase an jijman devan Bondye.
24 Li kraze moun pwisan an an mòso, jan nou pa menm konprann,
e mete lòt moun nan plas yo.
25 Se konsa, Li konnen zèv yo.
Li boulvèse yo nan lannwit, e yo kraze nèt.
26 Li frape yo tankou mechan
nan yon kote pou tout moun wè,
27 Akoz yo vire akote nan swiv Li, e pat okipe chemen Li yo;
28 akoz yo te fè kri a malere a rive kote Li.
Li te tande kri a aflije yo.
29 Lè L rete an silans, se kilès ki kab kondane L?
Epi lè L kache figi Li, alò, se kilès ki kab wè L?
Li pli wo ke nasyon, ni lòm,
30 pou anpeche moun ki san Bondye yo vin
reye, ke pa vin gen yon pèlen pou pèp yo.
 
31 “Paske èske nenpòt kon di Bondye,
‘Mwen koupab, mwen p ap fè ofans ankò;
32 enstwi mwen sa ke m pa wè.
Si mwen te fè inikite, mwen p ap fè l ankò’?
33 Èske Li va rekonpanse ak plan pa ou a, pou ou ka refize li?
Paske se ou menm ki oblije chwazi; se pa mwen.
Pou sa a, deklare sa ke ou konnen.
34 Moun ak bon konprann va di mwen,
oswa yon nonm saj ki tande m va di:
35 ‘Job pale san konesans;
pawòl li yo san sajès.
36 Mwen ta pito yo fè pwosè kont Job,
jis rive nan tout limit li,
akoz li reponn tankou moun mechan yo.
37 Paske li ogmante rebelyon sou tout lòt peche l yo.
Li bat men li pami nou,
e ogmante pawòl li yo kont Bondye.’ ”
 
34:3 Job 12:11 34:5 Job 27:2 34:6 Job 6:4 34:7 Job 15:16 34:8 Job 22:15 34:9 Job 21:5 34:10 Job 8:3 34:11 II Kor 5:10 34:12 Job 34:10 34:13 Job 38:4 34:14 Sòm 104:29 34:15 Jen 7:21 34:15 Job 10:9 34:17 II Sam 23:3 34:19 I Pi 1:17 34:20 Egz 12:29 34:21 Pwov 15:3 34:22 Sòm 139:11-12 34:23 Job 11:11 34:24 Job 12:19 34:25 Job 34:11 34:26 Sòm 9:5 34:27 I Sam 15:11 34:28 Job 35:9 34:30 Job 5:15 34:32 Job 33:27 34:33 Job 41:11 34:35 Job 35:16 34:36 Job 22:15 34:37 Job 23:2