33
“Malgre sa, koulye a, Job, souple tande mesaj mwen an
e koute tout pawòl mwen yo.
Gade byen, se koulye a mwen ouvri bouch mwen.
Se lang nan bouch mwen ki pale.
Pawòl mwen yo sòti nan ladwati kè mwen,
e lèv mwen pale soti yon kè ki renmen verite a.
Se Lespri Bondye ki te fè m,
e souf Toupwisan an ki ban m lavi.
Di m se pa sa, si ou kapab.
Alinye pawòl ou yo an lòd devan m, e kanpe.
Men gade byen, mwen se moun Bondye menm jan tankou ou.
Mwen menm tou te fèt ak ajil la.
Gade byen, se pa okenn krent mwen gen,
ki ta bay ou laperèz,
ni se pa akoz fòs pwa balans mwen an,
ke ou ta twouve chaj la lou.
 
“Anverite, ou te pale kote pou m ta tande,
e mwen te tande son a pawòl ou yo.
Job te di: ‘Mwen san tach, san transgresyon;
mwen inosan e nanpwen koupabilite nan mwen.
10 Gade byen, Li envante pretèks kont mwen;
Li kontwole m tankou lènmi.
11 Li mete pye mwen nan sèp;
Li veye tout chemen mwen yo.’
 
12 “Gade byen Job, kite mwen di ou, ou pa gen rezon nan sa,
paske Bondye pi gran ke lòm.
13 Poukisa ou plenyen kont Li
ke Li pa eksplike ou tout zak Li yo?
14 Anverite, Bondye pale yon fwa, oswa de fwa,
men pèsòn pa okipe sa.
15 Nan yon rèv, yon vizyon nan nwit la,
lè dòmi pwofon kon tonbe sou lòm,
pandan yo nan somèy sou kabann yo,
16 konsa, Li ouvri zòrèy a lòm
e mete so sou enstriksyon yo,
17 pou Li kapab vire lòm pou chanje kondwit li
e anpeche li fè ògèy.
18 Konsa, Li pwoteje nanm li pou l pa rive nan fòs la
e lavi li pou l pa lantre nan Sejou Lanmò a.
 
19 “Lòm, anplis, resevwa chatiman doulè sou kabann li;
avèk plent san rete jis rive nan zo li;
20 jiskaske lavi li vin rayi pen,
e nanm li, manje ke li te pi renmen an.
21  Chè li epwize vin disparèt pou moun pa wè l
e zo li yo ki pa te konn vizib pouse vin parèt.
22  Nanm li vin rale toupre fòs lanmò a
e lavi li pwoche sila kap detwi yo.
 
23 “Si gen yon zanj pou ta entèsede pou li,
se tankou youn nan yon milye,
ki pou ta fè yon moun sonje sa k ap bon pou li,
24 konsa, Bondye fè l gras. Li di l:
‘Delivre li pou l pa rive nan fòs lanmò a,
Mwen te twouve yon racha.’
25 Kite chè li vin pi fre ke li te ye nan jenès li.
Kite li retoune nan jou a fòs jenès li yo.
26 Konsa, li va priye a Bondye,
e Li va aksepte li, pou l kab wè figi L plèn ak jwa.
Se konsa, Li restore ladwati a lòm.
27 Li va chante devan lèzòm. Li va di:
“Mwen te peche, mwen te konwonpi sa ki dwat,
e li pa t bon pou mwen.
28 Li te rachte nanm mwen pou l pa rive nan fòs lanmò a,
e lavi m va wè limyè a.’
 
29 “Gade byen, Bondye konn fè tout bagay
sa yo de fwa, menm twa fwa ak yon nonm,
30 pou mennen nanm li fè l sòti kite fòs lanmò a,
pou l kab eklèsi ak limyè lavi a.
31 Prete atansyon, O Job, koute m byen;
rete an silans e kite mwen pale.
32 Si ou gen yon bagay pou di, alò, reponn mwen;
pale, paske mwen vle ba ou rezon.
33 Men si non, koute mwen;
rete an silans, e mwen va montre ou sajès.”
33:1 Job 13:6 33:3 Job 6:28 33:4 Jen 2:7 33:5 Job 33:32 33:6 Job 4:19 33:7 Job 13:21 33:9 Job 10:14 33:10 Job 13:24 33:11 Job 13:27 33:12 Ekl 7:20 33:13 Job 40:2 33:14 Job 33:29 33:15 Job 4:12-17 33:16 Job 36:10-15 33:18 Job 33:22-30 33:18 Job 15:22 33:19 Job 30:17 33:20 Job 3:24 33:21 Job 16:8 33:22 Job 33:18-28 33:23 Jen 40:8 33:24 Job 36:18 33:26 Job 22:27 33:28 Job 22:28 33:29 Ef 1:11 33:30 Job 33:18