36
Alò, Élihu te kontinye. Li te di:
Tann mwen yon ti kras, e mwen va montre ou;
jiska prezan, gen anpil bagay ankò pou di sou pati Bondye.
M ap prale chache lespri m soti byen lwen;
mwen va fè prèv ladwati a Kreyatè mwen an.
Paske anverite, pawòl mwen yo pa fo.
Yon ki pafè nan konesans se avèk ou.
Gade byen, Bondye pwisan, men li pa meprize pèsòn;
Li pwisan nan fòs konprann pa Li.
Li pa konsève lavi a mechan yo,
men Li bay jistis a aflije yo.
Li pa retire zye Li sou moun ladwati yo;
men avèk wa ki chita sou twòn yo,
li bay yo chèz jis pou tout tan, e yo leve wo.
Si yo mare ak gwo fè, e mare nèt nan kòd aflije yo,
konsa, Li fè yo konnen travay yo,
ak transgresyon yo;
ke yo te leve tèt yo wo ak orgèy.
10  Li ouvri zòrèy yo pou yo ka instwi,
e pase lòd pou yo retounen, kite inikite a.
11 Si yo tande e sèvi Li, yo va fè dènye jou yo nan abondans,
e ane pa yo va ranpli ak rejwisans.
12 Men si yo pa tande, yo va peri pa nepe;
yo va mouri san konesans.
13 Men enkwayan yo ranmase lakòlè;
yo refize kriye sekou lè L mare yo.
14 Yo mouri nan jenès yo,
e lavi yo vin pèdi pami pwostitiye tanp yo.
15 Li delivre aflije yo nan afliksyon yo,
e ouvri zòrèy yo nan tan opresyon yo.
16 Wi, anverite Li t ap mennen ou
lwen bouch gwo twoub la,
pou ou jwenn yon plas ki laj, e san limit.
Konsa, sa ki plase sou tab ou, ta plen ak grès.
17 Men ou te ranpli ak jijman sou mechan yo;
se jijman ak jistis ki te posede ou.
18 Pa kite riches ou mennen ou nan lakòlè,
ni pa kite gwosè sa a kap vèse sou tab
fè ou vire akote.
19 Èske richès ou yo ta fè ou envite gwo twoub la?
Oswa èske tout fòs pwisans ou ta ka anpeche l rive?
20 Pa fè lanvi pou lannwit,
moman an ke moun koupe retire nèt sou plas yo.
21 Fè atansyon; pa vire kote mal la,
paske ou te chwazi sa a olye afliksyon an.
22 Gade byen, Bondye byen wo nan pouvwa Li.
Ki pwofesè ki tankou Li?
23 Se kilès ki te dirije L pou pran chemen Li an?
Epi kilès ki ka di L ‘Ou antò a?’
24 Sonje ke ou dwe leve zèv Li yo wo,
sa yo sou sila moun te konn chante yo.
25 Tout moun konn wè sa.
Lòm gade l soti lwen.
26 Gade byen, Bondye leve wo, men nou pa konnen Li.
Fòs kantite ane Li yo pa kab dekouvri menm.
27 Konsa, Li rale fè monte gout dlo yo.
Yo fòme fè lapli ki sòti nan vapè,
28 ke nwaj yo fè vide desann.
Yo vin lage sou lòm an fòs kantite.
29 Èske pèsòn kab konprann jan nwaj yo vin gaye,
ak tonnè k ap gwonde anwo plafon tant Li an?
30 Gade byen, Li gaye limyè Li toupatou Li.
Li kouvri fon lanmè yo.
31 Paske se avèk sa a ke li jije pèp yo.
Li bay yo manje an gran kantite.
32 Li kouvri men Li ak eklè la,
e pase lòd pou l frape sou mak la.
33  Bri li deklare prezans Li;
menm tout bèt yo konnen sa k ap vin rive a.
36:3 Job 8:3 36:4 Job 37:16 36:5 Sòm 22:24 36:6 Job 5:15 36:7 Sòm 33:18 36:8 Job 36:15-21 36:10 Job 33:16 36:11 Sòm 16:11 36:12 Job 4:21 36:14 Det 23:17 36:16 Os 2:14 36:17 Job 22:5-11 36:18 Jon 4:4-9 36:18 Job 33:24 36:20 Job 34:20-25 36:21 Job 36:10 36:22 Job 35:11 36:23 Det 32:4 36:24 Sòm 92:5 36:26 Eb 1:12 36:27 Sòm 147:8 36:29 Job 37:11-16 36:31 Trav 14:17 36:32 Job 37:11-15 36:33 Job 37:2