27
Alò, Job te kontinye diskou li. Li te di:
Kon Bondye viv la, ki te retire dwa m,
Toupwisanki te fè m gen nanm anmè a,
paske tan lavi toujou nan mwen.
Souf Bondye la nan nen m.
Lèv mwen, anverite, p ap pale sa ki pa dwat,
ni lang mwen pa p pale manti.
Fòk se lwen m pou m ta bay ou rezon.
Jiskaske m mouri, mwen p ap lage entegrite m.
Mwen kenbe fèm a ladwati mwen.
Mwen p ap lage l menm.
Kè m pa repwoche m depi gen lavi ladan m.
 
“Kite lènmi m kapab tankou mechan a.
Kite sila ki leve kont mwen, san jistis.
 
Paske ki espwa sila ki san Bondye a genyen
lè l koupe retire nèt,
lè Bondye fè l oblije bay lavi li?
Èske Bondye va tande kri li lè malè rive li?
10 Èske li va pran plezi nan Toupwisan an?
Èske li va rele non Bondye a nan tout tan sa yo?
11 Mwen va enstwi ou nan pwisans Bondye.
Pwojè Toupwisan an, mwen p ap kache l.
12 Gade byen, nou tout gen tan wè sa.
Ebyen, poukisa nou aji nan foli?
 
13 “Sa se pòsyon a moun mechan an ki va sòti Bondye,
ak eritaj ke mechan yo va resevwa nan men Toupwisan an.
14 Malgre fis li yo anpil, yo destine pou nepe.
Konsa, desandan li yo ap toujou manke pen.
15 Sila ki swiv li yo va antere nan lamò
e vèv li yo p ap kriye pou li.
16 Malgre li fè gwo pil ajan an vin tankou se tè
e prepare vètman anpil tankou ajil,
17 li kab prepare l, men se moun ladwati yo k ap mete li,
se inosan yo k ap divize ajan an.
18 Li te bati kay li tankou papiyon,
oswa tankou kay poto gadyen te fè.
19 Li kouche byen rich, men li pa janm vin genyen ankò;
li ouvri zye li, men li pa la.
20  Gwo laperèz yo rive pran l tankou yon flèv.
Yon move tan vole retire l pandan lannwit.
21 Van lès la pote l ale e li pati.
Li fè l vire tounen kite plas li.
22 Paske l ap plonje sou li san epanye,
pandan li eseye envite l chape nan men l.
23 Pèp la va bat men yo sou li.
Yo va sifle sou li kon koulèv,
pou li kite plas li a.”
 
27:1 Job 13:12 27:2 Job 9:18 27:3 Job 32:8 27:4 Job 6:28 27:5 Job 6:29 27:6 Job 2:3 27:8 Job 8:13 27:9 Pwov 1:27 27:10 Sòm 37:4 27:13 Job 15:20 27:14 Job 20:10 27:15 Sòm 78:64 27:17 Job 20:18-21 27:18 Job 8:15 27:19 Job 7:8-10 27:20 Job 15:21 27:21 Job 7:10 27:22 Job 11:20 27:23 Job 18:18