26
Epi Job te reponn:
Kèl kalite èd ou ye pou fèb yo!
Kèl sekou ou te bay a bra ki te san fòs la!
Kèl konsèy ou te bay a sila ki san sajès la!
Kèl kalite bèl eklèsisman ou te bay an abondans!
Se a kilès ou t ap eksprime pawòl sa yo menm?
Epi se lespri a kilès ki te enspire ou menm?
 
Lespri mò yo tranble anba dlo yo
avèk tout sila ki rete ladann yo.
Sejou Lanmò An se toutouni devan Bondye.
Labim nan pa gen kouvèti.
Li lonje rale zetwal nò a sou espas vid.
Li fè mond lan pandye san anyen pap kenbe l.
Li vlope dlo yo nan nwaj Li yo,
e nwaj la pa pete anba fòs yo.
Li fè kache figi gwo lalin nan
e gaye nwaj Li sou li.
10 Li te trase yon lizyè sou sifas dlo yo,
ak pou limit tenèb la ak limyè a.
11 Pilye syèl yo tanmen tranble,
e yo etone lè L repwòche yo.
12 Ak pwisans Li, li kalme lanmè a,
e ak bon konprann Li, li te brize Rahab.
13 Ak souf Li, li dekore syèl yo.
Se men L ki te frennen sèpan ki t ap sove ale a.
14 Gade byen, sa se yon ti kras bagay de tout chemen L yo.
Epi a la ti kras souf pawòl nou konn tande de Li!
Men tonnè pwisans Li an!
Se kilès ki kab konprann li?
26:2 Sòm 71:9 26:5 Job 3:13 26:6 Job 28:22 26:7 Job 9:8 26:8 Job 37:11 26:9 Job 22:14 26:10 Job 38:19-24 26:12 És 51:15 26:13 Job 9:8