25
Alò, Bildad, Shouachyen an te reponn:
Tout pouvwa ak lakrent apatyen a Sila
ki etabli lapè nan wotè Li yo.
Èske fòs kantite sòlda Li yo kab kontwole?
Epi sou kilès ke limyè Li pa leve?
Konsa, se kijan yon nonm kapab dwat devan Bondye?
Oswa, kijan sila ki te fèt de fanm nan kapab vin pwòp?
Nan zye pa Li, menm lalin pa klè, ni zetwal yo pa pwòp,
Konbyen, anmwens lòm, yon vè,
ak fis la a lòm nan, vè a menm nan!
25:2 Job 9:4 25:3 Job 16:13 25:4 Job 4:14-17 25:5 Job 15:15 25:6 Job 7:17