24
“Poukisa Toupwisan an pa mete tan nan rezèv?
E poukisa sila ki konnen Li yo pa wè jou Li yo?
Kèk retire limit bòn yo.
Yo sezi e devore bann mouton yo.
Yo pouse fè ale bourik a òfelen yo,
yo pran bèf a vèv la kon garanti.
Yo pouse endijan yo akote wout la.
Malere peyi a oblije kache nèt.
Gade byen, kon bourik mawon nan dezè a,
yo vin parèt pou chache manje.
Dezè a bay yo anpil manje pou pitit yo.
Yo rekòlte nan chan a lòt yo,
e ranmase nan chan rezen a mechan yo.
Yo pase lannwit lan toutouni san rad,
e yo pa gen pwotèj kont fredi a.
Yo mouye ak lapli mòn yo,
e yo anbrase wòch yo akoz mank pwotèj yo.
Lòt yo sezi òfelen an soti nan tete a,
e kont malere a, yo pran garanti.
10 Se yo ki koz malere a ale toutouni san rad,
kap pote pakèt akoz grangou.
11 Anndan miray moun sa yo, yo pwodwi lwil.
Yo foule li nan preswa, men yo swaf.
12 Depi nan vil la, moun yo plenyen fò,
e nanm a sila ki blese yo pouse gwo plent,
men Bondye pa prete atansyon de foli sa a.
 
13 “Gen lòt moun ki fè rebèl kont limyè a.
Yo pa vle konnen pa li,
ni rete nan chemen li yo.
14 Asasen an leve granmmaten.
Li touye malere a ak endijan an.
Nan lannwit, se yon vòlè li ye.
15 Zye adiltè a tann lannwit rive;
li di: ‘Zye p ap janm wè m.’
Li kouvri figi li.
16 Nan fènwa, yo fouye anndan kay yo.
Yo fèmen yo menm pandan jounen an.
Yo pa konnen limyè.
17 Paske pou li maten se menm jan ak fènwa a byen pwès,
tèlman li abitye ak gwo perèz nan fènwa pwès la.
 
18 “Se kim yo ye k ap monte sou dlo.
Pòsyon pa yo modi sou latè.
Yo pa tankou chan rezen yo.
19 Sechrès ak chalè manje dlo lanèj la.
Menm jan tou, Sejou Lanmò fè sila ki te peche yo.
20 Vant manman an va bliye li.
Vè va manje li byen dous,
jiskaske moun pa sonje l ankò.
Konsa, mechanste la va kase tankou yon pyebwa.
21 Li fè tò a fanm esteril la.
Li pa gen mizerikòd pou li.
22 Men Bondye konsève pwisan an pa lafòs Li.
Li vin gwo, men lavi li pa asire.
23 Bondye bay yo sekirite e yo repoze ladan l.
Zye Li veye tout sa yo fè.
24 Yo leve wo pou yon ti tan, e yo ale.
Konsa, yo vin rale ba e tankou tout lòt bagay, yo pote ale.
Menm tankou tèt sereyal, yo koupe, yo retire.
25 Alò, si se pa konsa li ye, se kilès ki kab fè prèv
ke m bay manti, oswa anile pawòl mwen yo?”
 
24:1 Trav 1:7 24:1 És 2:12 24:2 Det 19:14 24:3 Job 6:27 24:4 Job 24:14 24:5 Sòm 104:23 24:7 Egz 22:26 24:9 Job 6:27 24:14 Mi 2:1 24:14 Sòm 10:8 24:15 Pwov 7:9 24:16 Egz 22:2 24:16 Jn 3:20 24:17 Job 15:21 24:18 Job 15:21 24:19 Job 21:13 24:20 És 49:15 24:22 Job 18:20 24:23 Job 10:4 24:24 Sòm 37:10 24:24 Job 14:21