23
Alò, Job te reponn:
Menm jodi a, plent mwen yo se rebelyon.
Men Li rete lou malgre tout plent mwen yo.
O ke m ta kab konnen kibò mwen ta kab twouve Li,
pou m ta kab pwoche chèz Li a!
Mwen ta prezante ka m nan devan L,
e plen bouch mwen ak diskou yo.
Mwen ta vin aprann pawòl ke Li ta reponn yo
e apèsi sa Li ta di m.
Èske Li ta sèvi gran fòs Li pou goumen ak mwen?
Non, anverite, Li ta koute mwen.
La, moun ladwati yo ta rezone avè L;
epi mwen ta delivre jis pou tout tan de Jij mwen an.
Men gade, mwen fè avan, men Li pa la,
e mwen fè bak, men mwen pa kab twouve Li.
Lè L aji agoch, mwen pa kab wè Li.
Li vire adwat, mwen pa wè L.
10 Men Li konnen chemen ke m pran an.
Li fè m pase a leprèv, e mwen va sòti tankou lo.
11 Pye m te kenbe fèm a pa Li.
Mwen te kenbe chemen Li an, e mwen pa t vire akote.
12 Mwen pa t kite kòmand a lèv Li yo.
Mwen te kenbe pawòl a bouch Li
kon pi presye pase manje ki fè m gen fòs la.
13 Men pa gen lòt tankou Li;
se kilès ki kab kanpe kont Li?
Sa ke nanm Li pito, se sa ke Li fè.
14 Paske li acheve sa ki deziye pou mwen an.
Se anpil dekrè konsa ki rete avè L.
15 Pou sa, mwen deranje nèt nan prezans Li.
Lè m kalkile, Li fè m pè anpil.
16 Se Bondye ki fè kè m sote.
Se Toupwisan an ki deranje m konsa.
17 Akoz mwen pat koupe retire nèt avan fenwà a,
ni Li pat kouvri gwo tenèb la devan figi m.
23:2 Job 7:11 23:4 Job 13:18 23:6 Job 9:4 23:7 Job 13:3 23:7 Job 23:10 23:8 Job 9:11 23:10 Za 13:9 23:11 Job 31:7 23:12 Job 6:10 23:16 Det 20:3 23:17 Job 19:8