22
Epi Éliphaz, Temanit lan, te reponn:
“Èske yon nonm plen kouraj kapab itil a Bondye?
Byen klè yon nonm saj se itil a pwòp tèt li.
Èske Toupwisan an pran plezi nan ladwati ou,
oswa twouve pwofi si chemen ou yo san fot?
Èske se akoz krentif la menm ou gen pou Bondye
ke L ap repwoche ou?
Ke l ap antre nan jijman kont ou?
Se pa ke mechanste ou gran
e inikite ou yo san limit?
Paske ou te pran garanti a frè ou yo san koz
e te menm retire rad pa yo jis yo vin toutouni.
A moun fatige yo, ou pa t bay dlo pou bwè
e a grangou yo, ou te refize yo pen.
Men posede tè a se pou nonm ki pwisan an,
e se moun entèg ki viv ladann.
Ou te voye vèv yo ale men vid
e te kraze fòs a òfelen yo.
10 Akoz sa, pèlen yo antoure ou,
e laperèz, sibitman, vin bay ou gwo lakrent,
11 oswa se fènwa pou ou pa kab wè
ak anpil dlo ki kouvri ou.
 
12 “Èske Bondye pa nan wotè syèl la?
Menm anplis, gade zetwal byen lwen yo; kijan yo wo!
13 Ou di: ‘Kisa Bondye konnen?
Èske Li kab jije nan fènwa pwofon an?
14  Nwaj yo se yon plas pou L kab kache,
pou L pa kab wè.
Se anwo plafon syèl la l ap mache.’
15 Èske ou va kenbe ansyen chemen a,
kote mesye mechan yo te mache,
16 ki te rachte avan lè yo,
ki te lese fondasyon ki lave a
retire nèt pa rivyè a?
17 Yo te di a Bondye: ‘Kite nou!’,
Epi: ‘Kisa Toupwisan an kab fè pou nou?’
18 Sepandan, Li te ranpli lakay yo ak bon bagay;
men konsèy a mechan yo lwen m.
19  Moun ladwati yo wè, yo fè kè kontan.
Inosan yo moke yo.
20 Yo di: ‘Anverite, advèsè nou yo koupe retire nèt.
E dife a fin manje retay yo.’
 
21  “Vin konnen L depi koulye a e fè lapè avè L;
se konsa, sa ki bon va rive kote ou.
22 Souple, resevwa enstriksyon nan bouch Li
e etabli pawòl Li yo nan kè ou.
23 Si ou retounen bò kote Toupwisan an,
ou va restore,
si ou retire inikite a byen lwen tant ou.
24  Mete riches ou nan pousyè a,
lò Ophir a pami wòch kouran dlo yo.
25 Alò, se Toupwisan an ki va riches ou,
e pi bèl ajan pou ou.
26 Paske konsa ou va rejwi nan Toupwisan an,
e leve figi ou vè Bondye.
27 Ou va priye a Li menm, e Li va tande ou.
Ou va peye ve ou yo.
28 Anplis, ou va fè yon dekrè e li va etabli pou ou;
konsa limyè va briye sou wout ou.
29 Lè ou santi ou vin ba, alò ou va pale ak konfyans,
e moun ki enb lan, Li va sove li.
30 Li va delivre menm sila ki pa inosan yo,
e delivrans sa a va fèt akoz men ou ki pwòp.”
22:2 Job 35:7 22:4 Job 14:3 22:5 Job 11:6 22:6 Job 24:3-9 22:7 Job 31:16-17 22:7 Job 31:31 22:8 És 3:3 22:9 Job 6:27 22:10 Job 15:21 22:11 Job 5:14 22:12 Job 11:7-9 22:13 És 29:15 22:14 Job 26:9 22:15 Job 34:36 22:17 Job 21:14-15 22:18 Job 12:6 22:18 Job 21:16 22:19 Sòm 52:6 22:20 Job 15:30 22:21 Sòm 34:10 22:22 Job 8:10 22:23 Job 11:14 22:24 Job 31:24-25 22:26 Sòm 37:4 22:27 Job 34:28 22:29 Jc 4:5 22:30 Job 42:7-8