28
Anverite, gen yon min pou ajan
e yon plas pou rafine lò.
Fè retire nan pousyè a
e kwiv la fonn soti nan wòch la.
Lòm fè tenèb la pati,
e rive jis nan dènye limit lan.
Li chache twouve wòch kap kache a,
ak nan pwofon fènwa.
Li fouye yon twou fon byen lwen kote moun rete,
kote ki bliye nèt pa pye moun.
Konsa, yo pandye, yo balanse byen lwen limanite.
Pou tè a, depi nan li, manje sòti,
men anba, li boulvèse tankou dife.
Wòch li se sous a pyè safi yo.
Epi nan pousyè li, genyen lò.
Chemen li pa rekonèt pa koukou,
ni zye grigri pa janm wè l.
Bèt pi fewòs yo pa mache la,
ni lyon pa pase sou li.
Li mete men li sou wòch silèks la.
Li chavire mòn yo soti nan baz yo.
10 Li kreve kanal ki pase nan wòch yo,
e zye li wè tout sa ki presye.
11 Li bouche flèv yo pou dlo pa koule
e sa ki kache yo, li fè yo parèt nan limyè.
 
12 “Men se kibò yo twouve sajès?
Epi kibò yo jwenn sajès la?
13  Lòm pa konnen valè li,
ni valè li pa kab twouve nan peyi
moun vivan yo.
14 Labim nan di: “Li pa nan mwen”.
Lanmè a di: ‘Li pa bò kote m’.
15  Lò pi pa egal ak valè l,
ni ajan pa kab peze kon pri li.
16 Valè li pa kab konpare ak lò Ophir,
oswa oniks presye, oswa safì.
17  Ni lò ni vit pa egal avè l,
ni li pa kab fè echanj pou bagay ki fèt an lò fen.
18 Koray ak kristal, bliye sa nèt.
Posede sajès se pi wo ke pèl.
19 Topaz a Éthiopie a pa kab konpare avè l;
ni li pa kab valorize an lò pi.
20 E byen, se kibò sajès la sòti?
Epi kibò anplasman bon konprann nan ye?
21 Konsa, li kache a zye de tout èt vivan yo
e kache menm a zwazo syèl yo.
22  Labim nan ak lanmò a pale:
‘Ak zòrèy nou, nou konn tande rapò bagay sa a.’
23  Bondye konprann chemen li
e Li konnen plas li.
 
24 “Paske Li chache jis rive nan dènye pwent latè
e wè tout bagay anba syèl yo.
25 Lè L te bay pwa a van an
e te divize dlo yo pa mezi,
26 Lè L te etabli yon limit pou lapli
e yon chemen pou kout eklè,
27 Li te wè l e Li te deklare li.
Li te etabli li e anplis, Li te konprann bout li.
28 Konsa, a lòm Li te di:
‘Gade byen, lakrent Senyè a, se sa ki sajès;
epi kite mal, se sa ki bon konprann.’ ”
 
28:3 Ekl 1:13 28:12 Job 28:23-28 28:13 Mat 13:44-46 28:15 Pwov 3:13-14 28:17 Pwov 8:10 28:18 Pwov 8:11 28:19 Pwov 8:19 28:20 Job 28:23-28 28:22 Job 26:6 28:23 Job 9:4 28:24 Sòm 11:4 28:25 Sòm 135:7 28:25 Job 38:8-11 28:26 Job 37:6-12 28:28 Pwov 9:10