18
Epi Bildad, Shuach la te reponn:
“Pou jiskilè ou va chase pawòl?
Montre bon sans ou pou nou kab pale.
Poukisa nou gade tankou bèt,
tankou sòt nan zye ou?
O ou menm ki chire pwòp kò ou menm nan kòlè ou,
èske se pou lakoz ou menm ke tè a ta abandone,
oswa wòch la deplase nan plas li?
 
“Anverite, limyè a mechan an va etenn,
e flanm dife li pap bay limyè.
Limyè nan tant li an vin fènwa,
e lanp li etenn sou li.
Gran pa dyanm li yo vin kout,
e pwòp manèv li a vin desann li.
Paske li tonbe nan pèlen an akoz pwòp pye li
e li mache sou file a.
Yon pèlen pran l pa talon,
e yon filè vin fèmen sou li.
10 Yon pyèj kache pou li nan tè a,
e yon zatrap sou chemen li.
11 Patou laperèz fè l sezi e kouri dèyè l
nan chak pa ke li fè.
12 Fòs li vin epwize e gwo dega parèt akote li.
13 Kò li devore pa maladi;
premye ne lanmò a devore manm kò li yo.
14 Li fin chire soti nan sekirite tant li an
e yo pran l pou l parèt devan wa laperèz la.
15 Anyen pa rete nan tant li ki pou li;
souf gaye toupatou sou abitasyon li.
16  Rasin li vin sèch anba li,
e branch li fin koupe pa anwo.
17  Memwa li fin disparèt sou tè a
men li pa gen non nan okenn lòt peyi.
18 Li bourade pouse lwen limyè a pou rive nan tenèb,
e chase jis deyò mond kote moun rete a.
19 Li pa gen ni desandan ni posterite pami pèp li a,
ni okenn moun ki rete kote li te demere.
20 Sila nan lwès yo vin revòlte de desten li
e sila nan lès yo vin sezi ak laperèz.
21 Anverite, se konsa abitasyon a mechan yo ye a.
Sa se plas a sila ki pa konnen Bondye a.”
18:3 Sòm 73:22 18:5 Job 21:17 18:6 Job 12:25 18:7 Job 15:6 18:8 És 24:17-18 18:11 Job 15:21 18:12 És 8:21 18:13 Za 14:12 18:14 Job 8:22 18:15 Sòm 11:6 18:16 Mat 4:1 18:16 Job 15:30-32 18:17 Sòm 34:16 18:18 Job 5:14 18:19 Job 27:14-15 18:20 Jr 50:27 18:21 Job 21:28